POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 11 out 2009  

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

PATNÈ BIZNIS YO ENVESTI NAN ELÈV LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY

MIAMI – Ete sa a, 120 elèv “National Academy Foundation (NAF)” (Fondasyon Akademi Nasyonal) te patisipe nan yon pwogram “internship” (fòmasyon estaj pratik) ete peye.  NAF se yon rezo akademi karyè anndan Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) ak lòt lekòl atravè peyi a ki vize kourikoulòm rijid, ki gen tèm karyè nan domèn Finans, Ospitalite ak Touris, Enfòmatik, ak Jeni.

Elèv dènye ane eskolè ki fini travay kou yo nan pwogram NAF Lekòl Leta Miami-Dade County yo elijib pou aplike pou pwogram nan.  Ekstansyon anviwònman enstriksyon sa a pèmèt elèv NAF yo wè  andirèk koneksyon ant sa yo aprann lekòl ak mond biznis la.  Elèv yo devlope ladrès pwofesyonèl, yo vin fè tèt yo konfyans, e yo vin ekspoze a plizyè aspè diferan nan mond biznis la.  Ane sa a, 61 biznis bay elèv yo eksperyans fè estaj pou ete a.

Lè yo te mande anplwayè yo kisa yo te pi renmen nan pwogram nan, Nigel Whyte, Nova Southeastern University, Fischler School replike: “se opòtinite pou bay yon jènmoun ki anbisye chans pou aprann nouvo bagay, rankontre ak pwofesyonèl e montre yo kèk aspè nan sa ki genyen nan mond reyèl la.”  Frankie Bravo, Carnival Cruise Lines, ajoute li apresye “abilite pou l travay ak moun ki ka motive pwòp tèt yo ki pran inisyatif pou travay e aprann; gwoup estajyè yo sanble yo pwomèt anpil pou lavni.”

Elèv yo apresye opòtinite sa a yo te ba yo.  Rafael Anare, yon elèv nan Lekòl Segondè Coral Reef ki fini estaj li nan John Hancock Financial Services di, “opòtinite fè estaj la enpòtan pou bay elèv yo yon vizyon reyèl sou kòman biznis fonksyone e li agrandi konesans yo sou konpleksite domèn biznis la.”

Yo te etabli pwogram estajyè NAF la an 1987, ak premye “Academy of Hospitality and Tourism (AOHT)” (Akademi Ospitalite ak Touris) NAF nan Lekòl Segondè Miami Springs.  Kounye a, gen 39 akademi karyè NAF nan 24 lekòl segondè, ak M-DCPS ki nan premye pozisyon nan peyi a, k ap ofri pi gwo kantite akademi NAF nan distri lekòl la.  Elèv NAF yo resevwa kourikoulòm ki vize karyè ak tout yon enstriksyon ki baze sou travay nan mond reyèl la, tankou estaj peye e eksperyans ki soude ak tèm karyè.

###

   09-JS/013/AP/SD

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès