POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 14 out 2009                                                             

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS AP FÈ RASANBLEMAN RETOU LEKÒL NAN
AMERICAN AIRLINES ARENA

KIYÈS: 

Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade County Alberto M. Carvalho, lidè Nasyonal PTA, Miami Heat, Maskòt Miami HEAT “Burnie,” paran ak elèv Lekòl Leta Miami-Dade County.

KISA:

Rasanbleman Retou Lekòl - METE W PRÈ: “Vize Wo pou Siskè Elèv”

KILÈ: 

Dimanch 16 out
Midi pou 5è nan aprèmidi

KI KOTE: 

American Airlines Arena
601 Biscayne Boulevard
Miami, FL 33132
Pakin nan garaj Arena a se $3

POUKISA:

Rasanbleman an ap bay paran ak pitit yo ki gen laj pou ale lekòl enfòmasyon ak resous ki ap prepare yo pou siksè elèv nan nouvo ane lekòl la.  Plis pase 50 òganizasyon patenarya pral angaje fanmi yo nan aktivite enkstriksyon entè-aktif e ba yo resous gratis.  Aktivite a ap gen ladan prim nan pòt la, Maskòt Miami HEAT la, Burnie, Miami HEAT ou a ak plis toujou.

Se Akademi Paran An ak “National PTA Urban Family Engagement Initiative” (Inisyatif PTA Nasyonal pou Angajman Fanmi Iben) ki prezante evènman an e se TARGET ak Miami HEAT ki ap Patwone li.

KONTAK:

Anne Thompson, Direktris, Akademi Paran An ak Biwo Patisipasyon Paran nan 305-995-1233; Barbara Biggart, Pwofesè/Konseye, Akademi Paran An nan 305-776-7020; oubyen Carolyn Nelson-Goedert, Lidè Ekip - Inisyativ PTA Nasyonal pou Angajman Fanmi Iben, nan 305-710-3719.

# # #

09-JS/015/DF/SD

 

Retounen sou Nòt pou Laprès