|
YO PLANIFYE YON ANE OPÒTINITE EDIKASYONÈL POU ELÈV LEKÒL MIAMI – Lekòl Leta Miami-Dade County, katriyèm distri lekòl ki pi gwo nan peyi a, ap espere yon ane ki plen opòtinite edikasyonèl ankourajan pou plis pase 336,000 elèv. Sipèentandan Alberto M. Carvalho pèsonèlman dirije efò sa yo ki pral bay elèv yon fòs dinamik pou karyè lekòl yo. Carvalho di “mwen ekstrèmman pozitif e mwen espere inovasyon, kreyativite ak devouman tout anplwaye nou yo ap fè ane 2009-2010 la vin meyè ane nou genyen jiskaprezan.” Senk Nouvo Lekòl ap Ouvè Senk nouvo lekòl leta Miami-Dade County pral akeyi elèv kòmanse lendi 24 out. Etablisman yo se Gateway Environmental K-8 Learning Center, Terra Envionmental Research Institute, Hialeah Gardens Senior High School, ak Alonzo and Tracy Mourning Senior High Biscayne Bay Campus. Elèv Lekòl Segondè North Miami pral pase premye jounen yo nan yon etablisman tounèf, ki lokalize dirèkteman anfas ansyen lekòl la. Yon lòt nouvo etablisman, the Law Enforcement Officers Memorial High School, pwograme pou ouvè nan mitan ane a. Sant Enstriksyon Primè M-DCPS nan Anèks Komisyon Konsèy Lekòl la Jou ki 24 out, pòt “M-DCPS Primary Learning Center (PLC)” (Sant Enstriksyon Primè M-DCPS) ap ouvè pou apeprè 54 elèv klas matènèl ak jadendanfan. PLC ki lokalize nan biwo administratif ki nan Bilding Anèks M-DCPS la ap sèvi ak anplwaye Biwo Distri yo e y ap sèvi pitit moun ki soti nan biznis ki ozalantou yo, ansanm ak anplwaye Biwo Distri yo. Avèk objektif pou konbine meyè rechèch ak pratik ki soti nan yon kantite modèl nasyonal, pwogram nan te fèt pou ofri yon kourikoulòm konplè e ekilibre atravè akizisyon yon dezyèm lang. Yo ap aliyen kourikoulòm nan avèk estanda, enstriksyon ak evalyasyon anndan e atravè klas matènèl jiska 2yèm ane eskolè. Kourikoulòm Pwogram Edikasyon Entènasyonal nan lekòl yo pwopoze a ap gen ladan devlope konsepsyon gwo lide nan etid sijè ki sèvi ak yon kantite diferan estrateji. Anplis, yo ap anseye konsèp global atravè etid de (2) lang (Espayòl ak Fransè), kilti, ar, mizik, ak istwa. Pwogram Paspò Kiltirèl Lekòl Leta Miami-Dade County, ansanm ak plizyè òganizasyon pèfòmans atistik ak vizyèl, mize, ak enstitisyon kiltirèl nan kominote nou an, pral lanse Pwogram Paspò Kiltirèl la, ki se yon nouvo inisyativ edikasyonèl k ap bay tout elèv, klas jadendanfan a l2yèm ane eskolè, yon diferan eksperyans nan domèn kiltirèl pandan chak ane lekòl. Pandan yo sou chemen edikasyon yo, tout elèv ap vizite mize ak galri ar, e y ap fè eksperyans dirèk ak pèfòmans mizikal, teyat, e dans. Fondasyon “Posse” Atravè Fondasyon “Posse,” 33 patnè inivèsitè ak kolèj nan 17 eta ap bay elèv ki travay byen (Etidyan Posse) yo yon bous ekolaj “leadership” konplè pou katran. Yo voye elèv nan kolèj ak inivèsite nan yon “Posse,” ki se yon gwoup 10 elèv. Chak “Posse” aji kòm yon sistèm sipò vwayaj pou asire chak Etidyan “Posse” reyisi e gradye nan kolèj. Lekòl Leta Miami-Dade County kontan patenarya li ak Fondasyon “Posse” pou l asire tout elèv, kèlkeswa ras, etnisite, oubyen kondisyon sosyal, gen menm opòtinite pou satisfè tout potansyèl akademik ak “leadership” yo. Evènman Sipèentandan an Pwograme – Tout Zye Fikse sou Lekòl Leta Miami-Dade County Lekòl Leta Miami-Dade County fyè pou kantite pwogram ak evènman espesyal li ofri elèv, paran, ak kominote a. Pwogram ak evènman espesyal sa yo bay elèv opòtinite pou yo pwolonje enstriksyon yo andeyò salklas la, eksplore domèn ki enterese yo, e montre talan ak abilite yo. Pwogram ak evènman sa yo tou bay pwofesè, paran, elèv, ak manm kominote a opòtinite pou yo selebre ak pataje divès siksè elèv yo genyen nan Lekòl Leta Miami-Dade County.
Aprann sou Òdinatè Depase Son Klòch la
Pwogram Bay yon Elèv yon Òdinatè “Laptop”.
### 09-JJS/17
|