POU DIFIZE IMEDYATMAN
31 out 2009                                            

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

LAGE MOND LA NAN PLAMEN ELÈV NOU YO
Degaje w Ale nan Tounwa Gòlf pou Edikasyon
Make Dat la
20 Oktòb 2009

Nouvo òganizasyon pou sipò dirèk Lekòl Leta Miami-Dade County, “The Foundation for New Education Initiatives, Inc.” (Fondasyon pou Nouvo Inisyativ Edikasyon) ap fè yon tounwa gòlf madi, 20 oktòb 2009, nan Doral Golf Resort & Spa, 4400 N.W. 87 Avenue, Miami, FL 33178.

Se Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County, Florida, ki te kreye Fondasyon sa a pou ogmante siksè elèv e pouse angajman kominote a nan jwenn fon pou Akademi Paran An ak pwogram pou sipòte elèv yo tankou “Success Academy”, “Cultural Passport”, bay konsèy, leson patikilye ak lòt inisyativ edikasyon M-DCPS.

Sipèentandan M-DCPS Alberto M. Carvalho, ki se chèmann Komisyon Direktè Fondasyon an, di “Avèk kolaborasyon kominote a e sipò finansye, Fondasyon an ka ouvri yon kantite nouvo mond opòtinite, inovasyon, motivasyon, ak siksè akademik pou elèv nou yo ak pwofesè yo. Edikasyon piblik se yon antrepriz leta/prive.  Li ka reyisi sèlman avèk patisipasyon e resous ki sot nan tout sektè ekonomi an ak tout branch sosyete a.” 

Vizite paj Entènèt Fondasyon an nan giveourstudentstheworld.org e klike sou meni “Events” (Evènman) yo pou enfòmasyon sou enskripsyon pou tounwa gòlf la. Rele 305-995-1497 pou konn plis sou misyon Fondasyon an ak kantite inisyativ edikasyon li sipòte.

###

09-IMC/JJS/018/jam/rl

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès