POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 24 out 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

LEKÒL LETA MIAMI-DADE AKEYI ELÈV LI YO AVÈK ESTIL

Lekòl Leta Miami Dade County ouvri pòt li yo pou plis pase 336,000 elèv jodi a, nan youn nan jou ouvèti ki pi byen reyisi Distri a janm genyen. Ofisyèl eli ak selebrite te akonpaye Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho pandan li t ap vizite lekòl atravè county a.

Jwè Miami Heat ak egzekitif yo te akeyi elèv nan Lekòl Elemantè Riverside, avèk yon mayifik tapi wouj, ansanm ak founiti klasik ak sak lekòl, e anplwaye Miami Heat yo te ofri aktivite espesyal pou paran ak elèv.  Ekip la gen yon patenarya ak lekòl la depi onzan.

Yon ansyen etwal Miami Heat ak madanm li te mete chemiz inifòm lekòl sou yo lè yo te vizite nouvo lekòl North Dade ki pote non yo a:  “Alonzo and Tracy Mourning High School Biscayne Bay Campus.”  Toulède te adrese elèv yo e Madan Mourning te ankouraje elèv yo pou yo “Fè travay nou.”

Gouvènè Charlie Crist te akeyi elèv yo nan Lekòl Elemantè Holmes.  Ane dènyè, pwofesè yo, anplwaye ak paran Lekòl Holmes yo te ede elèv ogmante nòt pèfòmans lekòl la soti nan “F” pou rive nan “C”.

Majistra Miami Manny Diaz, ki, ansanm ak Sipèentandan Carvalho te mete sou pye kontra Vil Miami a ak Lekòl Leta Miami-Dade County e ki te toujou montre yon devouman enterese nan edikasyon piblik, te vizite “Edu-Plex Miami Edison” nan, yon etablisman yo te konplètman retabli pandan ete a.  Lekòl yo remete an vigè a ofri akademi ki gen ladan Etid Entènasyonal ak Finans; Komisyon Kolèj; Sante ak Zafè Piblik; ak Ar Vizyèl e Pèfòmans.

Sipèentandan Carvalho te konplimante anplwaye atravè Distri a pou efò sipèb yo te fè nan ouvèti lekòl yo pou ane k ap vini an.  Carvalho di “Mwen konnen san travay di nou ak angajman pou pou ekselans, lansman dous kòmansman ane lekòl sa a pa t ap posib.  Defi nou tout genyen ane sa a se mete tèt nou ansanm, rekonsantre sou enèji kolektif nou yo, e jwenn jeni ki nan chak elèv.  Mwen pa doute ditou n ap leve defi sa a.”

###

09-JJS/19/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès