|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 27 out 2009 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
DEPATMAN SÈVIS MANJE DISTRI A FINI ANE LEKÒL LA AVÈK YON PWOFI PRÈSKE $1 MILYON DOLA
MIAMI – Depatman Manje ak Nitrisyon Lekòl Leta Miami-Dade County, ki te kòmanse avèk yon defisi nan dènye ane lekòl la, te fè gwo chanjman nan fonksyònman li yo e li fini ane a avèk yon benefis $794,000 ki reprezante yon rekouvreman $12.7 milyon.
Alberto M. Carvalho, Sipèentandan Lekòl yo, di “sa montre nou ka kontwole pri yo e limite depans nou yo, e kontinye ofri elèv yo manje nourisan, enteresan ki sipòte objektif byennèt nou yo.”
Kèk nan mezi yo te egzekite pou ede akonpli chanjman sa a gen ladan kontwòl envantè ki pi strik, kenbe envantè yo sou yon baz “lè gen bezwen,” e redui kantite chwa manje pou dejene ak repa midi soti twa rive de. Anplis, yo te chanje kontra avèk vandè yo pou pèmèt yo desann pri distribisyon pwodui manje pou lekòl yo.
Penny Parham, Direktè Administratif Manje ak Nitrisyon ki fè pati ekip anplwaye depatman ki gaye nan tout county a di, “Mwen panse tout bon vre se kalite moun yo – yo ekstrawodinè! Anplwaye kafeterya yo ak administratè Depatman Manje ak Nitrisyon yo gen yon devouman san parèy e yo suiv tout detay pou asire nou pat gaspiye anyen, e anmenmtan sèvi manje ki bon pou lasante.”
Malgre yon ane difisil, Distri a te kontinye sèvi manje dekalite, ki bon pou lasante, e li pat elimine pati nourisan ki enpòtan tankou pwodui natirèl yo.
###
09-JJS/019/HD/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |