POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 27 out 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

ASOSYASYON EDIKATỀ AR NAN FLORID ONORE YON DIREKTỀ M-DCPS

MIAMI – Yo chwazi Gregory Zawyer, direktè Sant Edikasyonèl Robert Morgan, kòm Direktè/Administratè Segondè pou Ane 2009 “Florida Art Educators Association (FAEA)” (Asosyasyon Edikatè Ar Florid) la pou sipò ekzanplè li bay edikasyon ar nan lekòl li a.  Yo ap onore Zawyer pandan konferans asosyasyon an nan Orlando, 15 rive 17 oktòb 2009.

FAEA pwomouvwa enstriksyon dekalite nan edikasyon ar vizyèl nan men pwofesè sètifye nan ar.  FAEA ankouraje rechèch nan edikasyon ar, òganize diskisyon piblik, patwone enstiti, konferans, ak pwogram; li pibliye atik, rapò, ak sondaj; e li travay ak lòt ajans ki konsène e sipòte edikasyon ar vizyèl.

Pou plis enfòmasyon kontakte Ada M. Gonzalez, Pwofesè Anchaj, Sant Edikasyonèl Robert Morgan, nan 305-253-9920, ekstansyon 2629 oubyen 2509.

###

09-JJS/20/HD/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès