POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 3 septanm 2009    

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

LEKÒL SEGONDÈ LAW ENFORCEMENT OFFICERS’ MEMORIAL PRAL FÈ YON SEREMONI BADJ

KILÈS: 

Ofisyèl Lekòl Miami-Dade yo, lidè lapolis lokal yo, elèv, paran ak sitwayen ki enterese

KISA:
Seremoni Badj
KILÈ: 
Jedi 3 septanm, 6:30 diswa
KI KOTE: 

Young Men’s Preparatory Academy
3001 N.W. 2nd Avenue

POUKISA:

Lekòl Segondè Law Enforcement Officers’ Memorial se premye lekòl nan kalite sa a.  Lekòl Leta Miami-Dade County ak Depatman Lapolis Vil Miami/Miami te mete tèt yo ansanm pou ofri elèv yon opòtinite san parèy nan domèn dwa ak aplikasyon lalwa. Vizyon an se ofri yon edikasyon konpreyansif rijid pandan y ap konekte objektif pwogram nan avèk aksè sou laboratwa syans legal, laboratwa tribinal, ak sant imitasyon sou òdinatè.

Badj la senbolize prensip entegrite, onè ak respè.  Elèv pral prete sèman pandan seremoni badj la ki ankouraje yo egzèse prensip sa yo chak jou nan etid ak konpòtman yo.

 

 

# # #

09-JJS/021/DF/RL

 

Retounen sou Nòt pou Laprès