POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 21 septanm 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

M-DCPS AP KOWÒDONE AKTIVITE RANMASE LAJAN POU
DEPANS ANTÈMAN YON ELÈV AK BEZWEN FANMI AN

MIAMI – Lekòl Leta Miami-Dade County ap kowòdone aktivite ranmase lajan pou antèman ak bezwen fanmi Juan Carlos Rivera, elèv ki te mouri nan Lekòl Segondè Coral Gables madi 15 septanm 2009 la.

Moun ki ta vle kontribye ka voye yon chèk, ki fèt sou non “The Foundation for New Education Initiatives, Inc.” e poste li sou adrès Miami-Dade County Public Schools, 1450 N.E. Second Avenue, Suite 931, Miami, Florida 33132. Silvouplè presize “for funeral arrangements and family needs” (pou aranjman antèman ak bezwen fanmi an).

Moun ka fè donasyon sou Entènèt lè yo klike sou www.giveourstudentstheworld.org. Silvouplè presize “for funeral arrangements and family needs” (pou aranjman antèman ak bezwen fanmi an).

Pou plis enfòmasyon, rele 305-995-1497.

###

9-JJS/025/DF/CM

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès