POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 18 Septanm 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY PRAN POZISYON
KONT VYOLANS NAN KOMINOTE A

MIAMI­ Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Avoka Eta a Katherine Fernandez Rundle, ak lidè patisipan nan kominote yo fè yon konferans pou laprès jodi a pou souliye inisyatif yo pral egzekite pou prevansyon e adrese vyolans nan kominote a. Inisyatif yo se yon patenarya ant Lekòl Leta Miami-Dade County ak kominote pou sispann vyolans.

Pami inisyatif yo te diskite genyen:

• "Tout Zye, Tout Men, Tout Kè" ­ Yon apèl-pou-aksyon pou tout kominote, ki gen ladan Enstitisyon kwayans relijye, òganizasyon baz kominotè, minisipalite, Biwo Avoka Eta a, aplikasyon lalwa, lekòl, elèv, ak paran, pou pran pozisyon kont vyolans e pran angajman pou responsablite sosyal e pataje chaj pwoblèm vyolans la.

•  Amnisti Zam ­ pwogram entè-ajans ki ap kontinye ki pèmèt moun pote zam retounen yon kote yo deziyen ki ansekirite.

•  Ou Deside ­ yon kanpay konsyantizasyon pou elèv yo pran responsablite pou pwòp konduit yo e fè chwa pozitif.

•  Kanal Kominikasyon ­ resous kominikasyon yo konsakre pou tande elèv yo sou sijè ki rapò ak sekirite, yon fason ki anonim, 24 sou 24. Anplis y ap mete soupye liy enfòmasyon telefonik, medya sosyal, ki souvan pi favorab pou jèn.

•  Ale Jwenn Paran ­ Travay ak PTA, gwoup pou konsèy paran ak Akademi Paran an nan yon seri reyinyon rejyonal ak (tab wond) konferans, ak ekspè yo, nan zafè nwizans, sekirite sou rezo Entènèt, bati rezistans, sante mantal adolesan, ak prevansyon vyolans. Yo ap pwograme reyinyon yo pou akomode orè paran yo.

• Somè pou Jèn ­ Rasanble moun ki gen enterè nan kominote a, patikilyèman jèn nou yo, pou yon konferans ki konsène jèn ki pèmèt elèv inisye konvèsasyon ak plan aksyon pou limite vyolans.

Pwogram sa yo pral konplemante inisyatif ki ap kontinye nan Distri a ki sipòte prevansyon vyolans pou elèv ak adilt yo.

###

09-JJS/27/CF

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès