POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 23 septanm 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

TWA LEKÒL MIAMI-DADE NAN LIS LEKÒL “BLUE RIBBON” (RIBAN BLE) 

MIAMI – Twa Lekòl Leta Miami-Dade County te pami 314 Lekòl atravè tout peyi a yo te nonmen kòm Lekòl Nasyonal Riban Ble 2009.  Yo te rekonèt Lekòl Elemantè Calusa, Sant K-8 Leewood ak Lekòl Mwayen Herbert A. Ammons avèk onè prestijye sa a.

Prim Riban Ble Lekòl yo, youn nan prim edikasyon moun pi dezire nan peyi a, distenge e onore lekòl ki akademikman siperyè oubyen ki fè gwo pwogrè nan redui eka ki genyen nan mitan elèv ki nan minorite avèk sa ki defavorize yo. 

Pwogram nan chwazi lekòl atravè youn oubyen de kritè, ki gen ladan elèv ki rive nan premye 10 pousan meyè elèv nan eta yo, nan egzamen eta yo oubyen lekòl ki gen omwen 40 pousan elèv ki nan sitiyasyon defavorize ki demontre gwo pwogrè nan egzamen eta oubyen nasyonal yo.  Yo rekonèt plis pase 6,150 Lekòl kòm Lekòl Riban Ble nan 27 ane ki sot pase yo.

Y ap onore Lekòl Riban Ble yo nan yon seremoni ki ap fèt nan Washington, D.C. an novanm.  Benefisyè yo ap resevwa yon plak avèk yon drapo pou reprezante kondisyon Lekòl Riban Ble yo a. 

###

09-JJS/028/DF/CM

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès