POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 22 septanm 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

EVÈNMAN SANTE AK BYENNÈT GRATIS “A HIP…A HOP…A JUMP A WALK IN THE PARK” POU ANPLWAYE AK FANMI YO

MIAMI – Lekòl Leta Miami-Dade County ak Depatman Sante Miami-Dade County met tèt yo ansanm pou yo prezante evènman “A Hip…A Hop…A Jump…A Walk in the Park” (Yon ti Souke Kò… Yon ti Sote… Yon ti Ponpe… Yon ti Mache sou Plas la) samdi 26 septanm 2009 pou pwomote sante, sante fizik, ak byennèt atravè fason pou moun viv ansante e aktivite pou anplwaye ak fanmi yo.  Evènman an ap kòmanse a 8è dimaten nan Tropical Park Pavilion 1, 7900 S.W. 40th Street, Miami.

Fanmi yo ap aprann kijan pou yo fè sante vin amizan pandan y ap patisipe nan yon pwomnad 3-5K, egzèsis hip hop, ak aktivite sote kòd.  Anplis, enfòmasyon ki gen rapò ak egzèsis, bon nitrisyon, e bon relasyon moun ak moun ap disponib ansanm ak depistaj sante gratis ak lòt kado.  

Y ap ankouraje lekòl, divizyon, depatman, ak biwo yo pou yo rasanble ekip yo e mete koulè sijè ki idantifye yo e vin amize yo.  Gen ajans lokal ak òganizasyon ki adrese kesyon nitrisyon, aktivite fizik, sante, ak byennèt ki pral patisipe nan yon Fwa sou Sante.

Pou plis enfòmasyon, kontakte “Division of Student Servives” (Divizyon Sèvis Elèv) Distri a nan 305-995-7324, Biwo “Risk and Benefits Management” (Biwo Jesyon Sante ak Benefis) nan 305 995-7140, oubyen Depatman Sante County a nan 786-336-1276.

###

09-JJS/31/HD/CM

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès