POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 9 oktòb 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

SIPÈENTANDAN LEKÒL YO FÈ YON RESEPSYON POU ATIS AN REZIDANS

MIAMI – Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho te fè yon resepsyon yèswa avèk Daniel Bottero, fondatè Pwogram Atis an Rezidans Sipèentandan an.  Resepsyon an te rekonèt ansyen moun ki te kontribye nan “The Foundation for New Education Initiatives, Inc” (Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon), yon òganizasyon ki sipòte Lekòl Leta Miami-Dade County, e yo te akeyi moun ki pral sipòte òganizasyon an nan lavni.

Daniel Bottero, fondatè “Art Initiative” (Inisyativ Atistik), se yon pent ki plen talan, ki gen travay li ekspoze atravè lemond.  Bottero gradye nan “National School of Fine Arts” nan Buenos Aires.  Li pran Metriz li nan “Academia Italiana di Belle Arti” nan Lucca, Itali.  Soti 1986 rive 1990, Bottero te rete e travay nan vil Pari.  Depi 1990 l ap viv e travay nan New York. Aktyèlman li gen galri nan Wynwood ak Buenos Aires.

Bottero pral anseye klas chak mwa e elèv li yo pral asiste li k ap desine e penn yon mi nan Lekòl Segondè Miami Edison.  Anplis klas li yo, li pral vizite lòt lekòl pou pwomote ar.  

Pwogram Atis an Rezidans Sipèentandan an mennen atis pwofesyonèl, tankou mizisyen, ekriven, konpozitè, menmjan avèk atis pèfòmans vizyèl, nan salklas yo pou entwodui elèv yo nan ar ak kilti.

###

09-JJS/032/DF/CM

Nòt Editè a: Atachman foto.

Bottero

Atis entènasyonal Daniel Bottero kanpe bò kote tablo li nan resepsyon Atis an Rezidans nan Estidyo Bottero Wynwood.

 

Carvalho

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ap adrese yon gwoup sipòtè nan resepsyon Atis an Rezidans nan Estidyo Bottero Wynwood.

Bottero

Alicia Mogul ak Prezidan/CEO United Way Miami-Dade Harve Mogul vin jwenn atis Daniel Bottero ak Vis chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade Marta Perez nan resepsyon Atis an Rezidans nan Estidyo Bottero Wynwood.

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès