|
DISTRI A RESEVWA $3 MILYON DON NAN MEN USDOE POU FINANSE PWOGRAM ANSÈYMAN ISTWA AMERIKEN MIAMI – Lekòl Leta Miami-Dade County resevwa yon gwo don enkonparab nan men Depatman Edikasyon Etazini pou $3,043,164 pou finanse pwogram Ansèyman Istwa Ameriken. Objektif don senkan an se pou bay 290 pwofesè 5yèm, 8yèm ak 11yèm ane eskolè Istwa Ameriken devlopman pwofesyonèl ki fèt pou bezwen yo. Patisipan yo ka chwazi nan devlopman pwofesyonèl ki fèt espesyalman pou pwofesè 5yèm ane eskolè; yon seri atelye de-jou kote se moun ki save nan istwa ki anseye l; oubyen yon pwogram diplòm Metriz. Don an gen ladan tou fon pou kouvri frè egzamen pou patisipan ki ap fini Sètifika Ansèyman Florid. Se Kourikoulòm ak Enstriksyon, Sèvis Sosyal ak Ladrès Lavi ki jere don ki sipòte objektif Distri a pou li asire akonplisman gwo estanda akademik pou tout elèv. ### 09/JS/033/HD/RL
|