POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 30 septanm 2009 

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS PRAL ÒGANIZE DEJNE POU PREPARE LANSMAN
“PRINCIPAL FOR A DAY” (DIREKTÈ POU YON JOUNEN)     
    
                                                                                            

KILÈS: 
350 biznis Miami-Dade ak lidè kominotè
KISA:
Dejne pou prepare lansman evènman “Direktè pou yon Jounen” ki pwograme pou fèt mèkredi 21 oktòb.
KILÈ: 

Vandredi 2 oktòb 
8è rive 10è dimaten

KI KOTE: 

Jungle Island                                 
1111 Parrot Jungle Trail
Miami, Florida 33132

POUKISA:

“Principal for a Day (PFAD)” (Direktè pou yon Jounen) fè pati angajman pwogram biznis Lekòl Leta Miami-Dade County depi plis pase 13 an.  PFDA konsantre sou devlope patenarya ki sipòte lekòl nou yo.  Anplis, objektif la se ankouraje kominote a pou li jwe yon wòl lidè nan edikasyon piblik.  Dejne a ap fèt gras ak parenaj Merrill Lynch ak Lekòl Leta Miami-Dade County e yon patenarya avèk “THE COALITION of Miami-Dade County Chambers of Commerce” (KOWALISYON Chanm Komès Miami-Dade County).

KONTAKTE: 
Arlene Martinez, “Office of Community Services” (Biwo Sèvis Kominotè), nan 305-995-3050.

# # #

09-JJS/034/HD/CM

 

Retounen sou Nòt pou Laprès