|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
6 oktòb 2009 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
LAGE MOND LA NAN PLAMEN ELÈV NOU YO
Degaje w Ale nan Tounwa Gòlf pou Edikasyon
20 oktòb 2009
Nouvo òganizasyon pou sipò dirèk Lekòl Leta Miami-Dade County, “The Foundation for New Education Initiatives, Inc.” (Fondasyon pou Nouvo Inisyativ Edikasyon) ap fè yon tounwa gòlf madi, 20 oktòb 2009, nan Doral Golf Resort & Spa, 4400 N.W. 87 Avenue, Miami, FL 33178.
Se Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County, Florida, ki te kreye Fondasyon sa a pou ogmante siksè elèv e pouse angajman kominote a nan jwenn fon pou Akademi Paran An ak pwogram pou sipòte elèv yo tankou “Success Academy”, “Cultural Passport”, bay konsèy, leson patikilye ak lòt inisyativ edikasyon M-DCPS.
Sipèentandan M-DCPS Alberto M. Carvalho, ki se chèmann Komisyon Direktè Fondasyon an, di “Avèk kolaborasyon kominote a e sipò finansye, Fondasyon an ka ouvri yon kantite nouvo mond opòtinite, inovasyon, motivasyon, ak siksè akademik pou elèv nou yo ak pwofesè yo. Edikasyon piblik se yon antrepriz leta/prive. Li ka reyisi sèlman avèk patisipasyon e resous ki sot nan tout sektè ekonomi an ak tout branch sosyete a.”
Vizite paj Entènèt Fondasyon an nan giveourstudentstheworld.org e klike sou meni “Events” (Evènman) yo pou enfòmasyon sou enskripsyon pou tounwa gòlf la. Rele 305-995-1497 pou konn plis sou misyon Fondasyon an ak kantite inisyativ edikasyon li sipòte.
###
09-IMC/JJS/037/jam/rl
Retounen sou Nòt pou Laprès |