POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 5 oktòb 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY AK SENDIKA  PWOFESÈ
JWENN YON ANTANT PWOVIZWA

Miami – “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ak “United Teachers of Dade (UTD)” (Sendika Pwofesè nan Dade) jwenn yon antant  pwovizwa aswè a ki pral ofri etap-salè ak ogmantasyon salè pou pwofesè ak anplwaye sèvis sipò Sendika Pwofesè a reprezante yo pou yon pake ki vo total $38.7 milyon, ki ap ogmante salè pwofesè ki fèk ap kòmanse yo nan Miami-Dade sou menm nivo ak Palm Beach ak Broward County yo.

Akòz kondisyon ekonomi difisil ane pase yo te oblije mete dekote ogmantasyon etap-salè pou pwofesè, men ane sa a yo te reyisi fè sa akoz yon fon pou pwoteksyon anplwaye Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho te etabli.

Carvalho di, “Nan mitan pi move kondisyon ekonomik nan vi nou, nou te kapab fòje yon kontra pou twazan ki pwoteje pwofesè yo e fèmen diskisyon depi byen lontan sa a.  Aswè a nou selebre edikasyon piblik onore pwofesè nou yo ak timoun y ap sèvi yo.”

Ogmantasyon etap-salè yo ap efektiv 25 desanm 2009.  Amelyorasyon etap-salè pou pwofesè ki nan premye douz etap-salè yo ap ogmante efektivman 19 fevriye  2010.

Antant pwovizwa a reprezante yon pake konpansasyon total ki gen ladan asirans sante, ki ap konsève opsyon asirans sante ki pap koute anplwaye anyen.  Sa gen ladan de aksè, yon aksè pwen sèvis sou platfòm ki ouvè ak yon aksè sou founisè nasyonal.  Si se li tout anplwaye yo chwazi, li ap ekonomize $53 milyon.

Manm Sendika UTD dwe ratifye antant la e Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade dwe apwouve li.

###

09-JJS/038/GC/CF

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès