POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 20 oktòb 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY METE AK
“JUMPSTART’S READ” POU YON REKÒ®”

MIAMI - Lekòl Leta Miami-Dade County selebre “Jumpstart’s Read” pou yon Rekò, yon kanpay nasyonal yo kreye pou kraze rekò mondyal la pou pi gwo gwoup ki te janm pataje eksperyans lekti, pandan anmenmtan y ap travay pou kraze sèk analfabè.  Pwofesè Klas Matènèl ak Jadendanfan Lekòl Leta Miami-Dade County te resevwa kopi liv pou kanpay ane sa a, “The Very Hungry Caterpillar” (yon liv ki rele Cheni ki Grangou Anpil) Eric Carle ekri, pou yo kab patisipe ak elèv yo nan jou kanpay la, 8 oktòb 2009.

Sipèentandan Lekòl yo Mesye Alberto M. Carvalho te di, “Devlope ladrès lekti ak ekriti pami elèv ki nan laj klas matènèl se yon bagay kritik.  Distri a kontan pou l sipòte yon kanpay nasyonal ki ankouraje timoun pou yo fè eksperyans li liv ak kè kontan nan yon laj trè jèn.”

Jumpstart mete liv lakay timoun ki pi bezwen yo e li vize ede yo fè pwogrè nan ladrès enpòtan sa yo ki se langaj avèk lekti ak ekriti.  Fondasyon Pearson, Patwonè e Patnè Fondatè kanpay la, se li yon fwa ankò k ap peye pou frè kanpay liv la.  Nan patenarya ak Jumpstart e ak Fondasyon Pearson nan, Lekòl Leta Miami-Dade County sipòte edikasyon bonè ak devlopman lekti ak ekriti e ankouraje tout kominote a pou aprann plis sou kanpay enpòtan sa a e pou enskri pou li liv ofisyèl kanpay la, 8 oktòb 2009 nan vizite www.readfortherecord.org.

###

09-JS/039/TR/CF

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès