POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 15 oktòb 2009  

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

SIPÈENTANDAN AN REKONPANSE LEKÒL M-DCPS YO POU EKONOMI YO FÈ NAN KONSOMASYON DLO AK ENÈJI 

MIAMI – Youn nan dènye inisyativ Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho se pou etabli yon pwojè pou meyè pratik pou avanse ak prensip andirans alontèm pou finalman redui enpak kantite gaz kabonik Distri a pwodui.  Sipèentandan an te entwodui plan sa a pandan Reyinyon Ouvèti Lekòl la 19 out 2009 e yo espere li ap pwodui apeprè de $10 milyon ekonomi pou ane pwochèn.  Pou atenn siksè objektif sa a e ankouraje patisipasyon lekòl yo, nenpòt rediksyon nan konsomasyon enèji ak dlo yon lokasyon fè pandan ane fiskal 2009-2010 la, yo ap retounen li bay lokasyon sa a ak yon to 75 pousan nan ekonomi an, kòm yon benefis.

Carvalho di, "Ide a se pou bay chak lekòl endividyèl responsablite pou konsomasyon enèji ak dlo yo, pandan anmenmtan yo ap pwoteje anviwònman an.  Se yon sitiyasyon avantaje pou tout moun."

Tout lokasyon lekòl resevwa rapò ki fèt pou yo espesyalman ak enfòmasyon respektif ki vize konsomasyon enèji lokasyon an pou mwa septanm 2009 jiska jen 2010.  Lè yo bay rapò mansyèl yo alavni, yo ap mete ladan konsomasyon aktyèl pou mwa anvan an, ki kab konpare ak sa yo te prevwa a, ansanm ak benefis lokasyon patikilye yo jwenn jiska dat sa a.

Alavni, y ap itilize menm rapò sa yo pou suiv konsomasyon dlo pa rapò ak kantite objektif yo genyen pou rès ane fiskal la.

 

###

09-JJS/040/GC/SD

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès