POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 9 oktòb 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

YO REKONÈT PLIS PASE 2,000 ELÈV M-DCPS AVÈK PRIM ESKOLÈ “ADVANCED PLACEMENT (AP)”  (PLASMAN AVANSE)

MIAMI – Komisyon Konsèy Kolèj la te resamman distenge lekòl segondè Miami-Dade ak elèv pou ekselans akademik ak akonplisman elèv.  Karant-sis lekòl segondè ak 2,259 elèv te resevwa Prim Eskolè “Advanced Placement (AP)” (Plasman Avanse) paske yo te demontre akonplisman nan nivo kolèj atravè kou ak egzamen AP. Genyen senk kategori Prim Eskolè AP, ki gen ladan Eskolè AP, Eskolè AP avèk Onè, Eskolè AP avèk Distenksyon, Eskolè AP Eta, ak Eskolè AP Nasyonal. 

Benefisyè Prim Eskolè AP yo resevwa yon sètifika e yo rekonèt akonplisman yo sou Rapò Nòt AP yo voye nan kolèj yo. Non sèlman kolèj yo rekònèt elèv yo, men tou yo jwenn admirasyon kamarad yo, fanmi yo, ak kominote a.

Pwen Enpòtan sou Akonplisman AP Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) gen ladan:

  • Kantite total lekòl segondè ki resevwa Prim Eskolè AP ogmante 15% soti 40 an 2007-2008 rive 46 an 2008-2009.
  • Kantite total elèv ki resevwa Prim Eskolè AP ogmante 8% soti 2,091 an 2007-2008 rive 2,259 an 2008-2009.
  • Kantite elèv yo rekonèt kòm Eskolè AP ogmante 12% soti 1,187 an 2007-2008 rive 1,333 an 2008-2009.
  • Kantite elèv yo rekonèt kòm Eskolè AP avèk Onè ogmante 13% soti 348 an 2007-2008 rive 394 an 2008-2009.

Kou AP prepare elèv pou siksè nan kòlèj e ede yo balanse pri kolèj. Patisipasyon ak siksè nan kou AP ede elèv kalifye tou pou bous kolèj.

Komisyon Kolèj la se yon asosyasyon ki pa la pou pwofi, kote misyon manm yo se konekte elèv ak siksè e opòtinite pou kolèj.  Pwogram AP Komisyon Kolèj la ofri plis pase 30 kou ak egzamen e bay elèv yo opòtinite pou pran kou nan nivo kolèj e jwenn kredi oubyen plasman, pandan yo toujou nan lekòl segondè.  

###

09-JJS/041/VVL/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès