POU DIFIZE IMEDYATMAN
20 oktòb 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

M-DCPS, BANK OF AMERICA MERRILL LYNCH PRAL ÒGANIZE
“PRINCIPAL FOR A DAY” (DIREKTÈ POU YON JOUNEN) 21 OKTÒB 

Bank of America Merrill Lynch asosye avèk KOWALISYON Chanm Komès Miami-Dade County pou prepare jèn k ap viv jodi a pou mendèv alavni 
         

MIAMI – Mèkredi 21 oktòb, plis pase 370 biznis ak lidè sivil nan Miami-Dade County pral
pran yon ti poz nan responsablite chak jou yo pou ale nan biwo direktè lekòl la, kote
yo pral aprann kisa sa vle di dirije lekòl leta nan county a.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Direktè lekòl yo se Prezidan
konpayi yo ye tou, e li enpòtan pou lidè kominotè nou yo wè kijan moun sa yo fè travay
yo.  Direktè pou Yon Jounen se yon fowòm ekselan pou yo fè sa sèlman.”

Objektif pwogram nan se pou fè eksperyans yon jou yo a tounen yon patenarya alontèm ki
aktif avèk lekòl yo, ki ka ogmante reyalizasyon jeneral elèv yo e pwodui yon mendèv pi
solid, pi edike.

Josh Moody, Asistan Direktè pou “Merrill Lynch Wealth Management Miami Americas
Complex” di, “Kòm direktè envite, nou pa ka tann pou nou  kolabore avèk jèn yo pou
motive yo pou yo reyalize objektif ak rèv yo.  Moody pral sèvi kòm direktè nan Miami
Edison Middle, ki lokalize nan 6101 N.W. 2nd Ave., Miami, 33127 soti 8:00 dimaten rive
midi.

Se Bank of America Merrill Lynch ki patwone pwogram Direktè pou yon Jounen an
patenarya avèk KOWALISYON Chanm Komès Miami-Dade County.

Bank of America se youn nan pi gwo enstitisyon finansyè nan mond la, k ap sèvi kliyan endividyèl, ti biznis ak biznis mwayen e gwo konpayi avèk yon koleksyon konplè ki gen sèvis pwodui bankè, envestisman, jesyon byen ak lòt pwodui e sèvis finansyè ak jesyon risk.

 

###

09-JS/042/GC/CM

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès