|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 13 oktòb 2009 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
ELÈV PREMYE ANE ESKOLÈ NAN SANT K-8 JANE S. ROBERTS RANPÒTE PRIM KONPETISYON AR NAN MWA ERITAJ ESPAYÒL
TALLAHASSEE – Samantha Garcia-Graisen, yon elèv premye ane eskolè nan Sant K-8 Jane S. Roberts te ranpòte prim konpetisyon Ar nan Mwa Eritaj Espayòl Gouvènè a. Gouvènè Charlie Crist te onore li nan Rezidans li a yè aprèmdi dèske li ranpòte prim travay atistik li a.
Konpetisyon ar anyèl la ouvè pou tout elèv Jadendanfan jiska 3yèm ane eskolè. Yo te chwazi de gayan. Tèm ane sa a gen rapò ak non eta a, ki derive sou mo Espayòl La Florida, yon espas ranpli ak flè oubyen plant. Elèv yo te gen pou yo desine oubyen penn yon foto e travay ar orijinal ki reprezante bèl flè, pye bwa oubyen plant yo jwenn atravè eta a.
Samantha se te sèl gayan ki soti nan Miami-Dade County. Gayan yo ap resevwa yon chèk $250 oubyen yon kat kado.
###
09-JJS/043/HD/SD
Retounen sou Nòt pou Laprès |