POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 13 oktòb 2009   

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

YON DELEGASYON OLANDÈZ AP VIZITE
PWOGRAM ESE M-DCPS NAN TWA LEKÒL

MIAMI – Yon delegasyon nèf direktè wo-nivo ki soti nan plizyè biwo, ministè ak enstiti atravè peyi Oland ap vizite Divizyon Edikasyon Espesyal Distri a jedi 15 oktòb – vandredi 16 oktòb pou revize, diskite ak obsève pwogram ak sèvis pou elèv lekòl segondè ki gen andikap nan emosyon/nan konpòtman.

Vizit de-jou a ap gen ladan reyinyon avèk anplwaye Distri e lekòl, ki ap patisipe nan prezantasyon, diskisyon ak sesyon konsiltasyon.  Delegasyon an ap vizite tou twa lekòl, Lekòl Mwayen Howard Doolin, Lekòl Segondè Miami Sunset ak Sant Edikasyonèl Ruth Owens Krusé, ki gen pwogram pou elèv ki gen andikap nan emosyon/nan konpòtman.

Moun ki alatèt delegasyon Olandèz la se Pwofesè Dolf van Veen, Anbasadè pou Règleman Jèn pou Ministè Edikasyon an, Ministè Timoun, Jèn ak Fanmi e Asosyasyon Minisipalite Oland yo.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Will Gordillo, Direktè Administratif, Divizyon Edikasyon Espesyal, nan 305-995-2027.

###

09-JJS/044/HD/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès