POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 20 oktòb 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

LEKÒL ELEMANTÈ CARIBBEAN AP LANSE
PWOGRAM APRANN A DISTANS


MIAMI- Administratè ak pwofesè nan lekòl elemantè Caribbean ap prepare elèv li yo pou twazyèm milenè a egzekisyon pwojè "Teaching Through Technology (3T's)" (Ansèyman Atravè Teknoloji). Nan kòmansman mwa sa a, pwojè sa a te konekte lekòl jadendanfan rive 2yèm ane eskolè pou elèv ki gen Maladi "Autism Spectrum" ak yon lòt klas ak elèv ki gen menm maladi a nan lekòl elemantè Willard Shambaugh nan Fort Wayne, Indiana.

Pandan premye pati leson an, chak pwofesè fè elèv yo prezante tèt yo nan sèvi ak yon ekipman ki pwodui langaj kòm yon fason pou kominikasyon. Nan dezyèm pati leson an, timoun yo te patisipe nan etabli yon nouvo rekò pou "Jumpstart's Read" (Boustè Lekti) pou Kanpay Rekò lekti "The Very Hungry Caterpillar" (yon liv ki rele Cheni ki Grangou Anpil). Elèv yo tou te kolabore anmenmtan atravè èd pwofesè yo prezante yo pou yo ka suiv lòd jan evènman yo te pase. Bi pou leson an se te pou pèmèt elèv amelyore kominikasyon ak ladrès sosyal atravè entèyaksyon ak lòt elèv nan tout peyi a. Toude klas yo ap kontinye kolabore sou kourikoulòm sijè debaz regilyèman pa semèn.

Pwojè 3T a kreye yon enterè pou avanse teknoloji inovativ y ap enkòpore yo nan klas yo. Vennsenk pwofesè deja aplike pou kòmanse pwòp paj Entènèt yo nan lekòl elemantè Caribbean. Anplisdesa, yo ofri edikatè Devlopman Pwofesyonèl nan itilizasyon e egzekisyon Bay Istwa Dijital, "WIKI's, Blogs," e Anrejistre Vwa.

Pwojè 3T nan Lekòl Elemantè Caribbean nan ap agrandi nan de (2) semèn ki ap vini e li pral gen ladan Klas Edikasypn Jeneral. Kounye a yo ap fè plan pou konekte yon klas dezyèm ane eskolè ak lekòl nan Cairo, Egypt.

###

09-JJS/045/DF/CF

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès