|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 30 oktòb 2009 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
SERI KONSÈ BENEFIS SIPÈENTANDAN AN AP KÒMANSE 20 NOVANM
Yon gwoup chantè, dansè ak entèprèt ki pi enteresan nan Lekòl Leta Miami-Dade County
(M-DCPS) pral pèfòme nan Seri Konsè Benefis Sipèentandan an ki ap kòmanse vandredi 20 novanm, a 8è diswa nan Lekòl Segondè Miami Beach. Konsè san parèy sa a, yo rele “Koute Mizik la,” pral fèt pou ranmase lajan pou Pwogram Paspò Kiltirèl la, ki pral bay elèv Jadendanfan rive 12yèm ane eskolè yon eksperyans kiltirèl ki diferan chak ane lekòl. Lekòl Segondè Beach High lokalize nan 2231 Prairie Ave., Miami Beach, FL 33139.
Pami pèfòmans yo nou jwenn:
- Koral Konbine Lekòl Elemantè ki prezante twa lekòl
- Komedi Mizikal avèk “New World School of the Arts” e Twoup Teyat “PAVAC” Lekòl Segondè Miami Northwestern
- “Ballad of America” avèk Matthew Sabatella
- Òkès Djaz Anplwaye M-DCPS
- Dans avèk Lekòl Mwayen Southwood ak Charles R. Drew
- Opera avèk Lekòl Segondè Coral Reef
Objektif Pwogram Paspò Kiltirèl la se bay elèv Jadendanfan rive 12yèm ane eskolè yon eksperyans nan domèn kiltirèl ki diferan chak ane. Avan yon elèv gradye nan lekòl segondè, l ap deja vizite mize ak galeri ar, e fè eksperyans dirèk ak pèfòmans mizik, teyat ak dans.
Tikè yo ap vann $25 e moun ka achte yo sou Entènèt atravè TicketWeb nan www.ticketweb.com/snl/VenueListings.action?Venueld=51785. Pou plis enfòmasyon, kontakte Robert T. Davis, Sipèvizè Distri, Pèfòmans Ar, nan 305-995-1930.
###
09/JS/ 046/HD/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |