|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 20 oktòb 2009 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
SIPÈENTANDAN CARVALHO ANONSE PLAN POU METE SANT IJANS NAN LEKÒL LETA MIAMI-DADE KI GEN ESPAS KI PA SÈVI
MIAMI – Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho anonse yon plan jodi a pou ta mete sant ijans nan lekòl Miami-Dade County ki gen espas ki pa sèvi. Anons sa a te fèt nan yon senpozyòm swen sante ki te fèt nan Sant Adrienne Arsht pou Ar Pèfòmans.
Carvalho di, “Sant ijans sa yo ap pote solisyon swen sante nan zòn ki pa jwenn sèvis nan kominote nou an, nan bay swen sante gratis pou anplwaye nou yo e etann swen sante nan zòn ki nan vwazinaj yo. Sa se yon lòt egzanp efikasite atravè inovasyon.”
Ane dènyè, nan chèche redui pri benefis swen sante, sistèm lekòl la te negosye ak sendika travay li yo pou ogmante frè swen sante pou anplwaye li yo e etann swen nan zòn ki nan vwazinaj yo. Objektif estrateji sa a se te pou ankouraje anplwaye ekonomize lajan nan ale nan klinik oubyen etablisman swen ijans yo.
Sepandan, yon analiz kòd postal nan county a revele pa gen altènatif pou lopital nan twa zòn county a: Miami Gardens, Liberty City ak Goulds. Genyen tou anpil espas lekòl ki pa sèvi nan menm zòn sa yo.
Jan Carvalho eksplike li, “pwochen etap lojik la se eksplore posiblite pou konpayi jere etablisman swen ijans yo nan lekòl county yo, kote swen sante ta vin disponib pou anplwaye Distri a e kominote a.
Avèk apwobasyon Komisyon Konsèy la, yon demann pou enfòmasyon ap fèt osito kòmansman novanm sa a rive.
###
09/JS/047/HD/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |