POU DIFIZE IMEDYATMAN
vandredi 23 oktòb 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

KOMISYON KONSÈY LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY AKSEPTE YON TOTAL $5.3 MILYON PRIM SIBVANSYON POU FINANSE PWOGRAM ALFABETIZASYON, PREVANSYON VYOLANS, APRANTISAJ KOMINOTÈ

Lekòl Leta Miami-Dade County te aksepte sèt prim sibvansyon ki totalize apwoksimativman $5,364,145 pou finanse yon kantite pwogram nouvo e sa ki ap kontinye.  Pwogram yo se sa k ap suiv yo:

  • Twa nouvo prim sibvansyon konpetitif ki soti nan “Florida Department of Education (FLDOE)” (Depatman Edikasyon Florid) ki totalize $930,308 pou finanse bezwen edikasyonèl, sante, sèvis sosyal, kiltirèl ak rekreyatif kominote yo atravè pwogram anvan e apre lekòl, nan lekòl Holmes Elementary, Avocado Elementary ak Toussaint L’Ouverture Elementary.
  • Yon nouvo prim sibvansyon konpetitif pou $300,000 ki soti nan FLDOE pou finanse “Even Start Family Literacy Project PACE (Parents and Children Together in Education)” (Pwojè Alfabetizasyon Fanmi ‘Even Start’ [Paran ak Fanmi Ansanm nan Edikasyon]) nan lekòl Ethel Koger Beckham Elementary ak Zora Neale Hurston Elementary.
  • De sibvansyon Amelyorasyon Lekòl “Title I” ki soti nan FLDOE pou apwoksimativman $4,062,187 an total ki vize pou ogmante akonplisman elèv nan lekòl ki pa rive fè nòt konpetans nan lekti, matematik, e/oubyen redaksyon nan FCAT la.
  • Yon kontinyasyon prim sibvansyon ki soti nan Sant pou Edikasyon Sivik pou $71,650 pou finanse Pwogram Demonstrasyon Prevansyon Vyolans Lekòl ki vize pou bay 40 pwofesè 4yèm rive 8yèm ane eskolè devlòpman pwofesyonèl ak materyèl pou detèmine kòman angajman sivik ka diminye efè faktè risk ki asosye ak konpòtman vyolan pami elèv.  Yo konsidere pwogram Distri a kòm yon modèl nasyonal e l ap resevwa fon sibvansyon pou pwogram sa a depi nevan konsekitif.

###

09/JS/050/HD/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès