|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 26 oktòb 2009 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
SIPÈENTANDAN ALBERTO CARVALHO PALE AVÈK ELÈV YO KONSÈNAN EDIKASYON, SEKIRITE NAN LEKÒL
MIAMI – Sipèentandan Lekòl yo Alberto Carvalho te reponn kesyon elèv yo sou edikasyon, finansman lekòl ak sekirite nan lekòl maten an pandan yon rasanbleman nan Lekòl Segondè John A. Ferguson. Yo te pase evènman an, yon pwodiksyon yo rele, “Falcon Forum,” an dirèk sou Entènèt nan lekòl segondè atravè Distri a, pou pèmèt elèv voye lèt elektwonik e rele nan telefòn pou poze Sipèentandan an kesyon.
Carvalho te reyasire elèv yo entansyon li genyen pou kontinye bay elèv lekòl segondè yo pi gwo opòtinite edikasyonèl, li di “Angajman mwen pou refòm nan lekòl segondè, nan envesti nan yon jounen uit-peryòd… se yon bagay ki kritik, ki ap pèmèt nou konekte bonè nan yon domèn nou chwazi, ki ap ba nou yon opòtinite pou pran klas adisyonèl sou karyè, klas teknik ak vokasyonèl ki pote kredibilite ak aplikablite nan pwogram ou an.”
Carvalho fè remake, Florid klase nan 50yèm pozisyon pami eta yo Ozetazini nan kesyon finansman lekòl, baze sou revni chak moun, e li ankouraje elèv yo pou yo fè yon diferans. “Kòman noumenm kòm Floridyen – patikilyèman noumenm, jenès la – nou ka enfliyanse ofisyèl eli yo pou asire yo reyalize pwomès yo fè kòm yon rityèl chak ane lè yo pral nan eleksyon? Fòse yo! Gen anpil nan nou ki ap kapab vote fwa sa a – fòse yo pou yo respekte pwomès yo fè pou edikasyon piblik.”
Sipèentandan an adrese tou vag vyolans ki gaye nan kominote yo atravè peyi a e li fè remake Distri a ogmante depans pou sekirite lekòl soti $40 milyon rive $54 milyon nan ane ki sot pase yo.
Carvalho di, “Noumenm kòm kominote, nou bezwen aksepte responsablite pou chwa ak aksyon jèn nou yo ap fè. Kesyon vyolans ak konpòtman se pa sèlman yon responsablite lekòl. Se responsablite chak grenn moun ki la pou pran swen moun, paran, reprezantan kominotè, pè, pastè, rabi – tout moun responsab.”
Yo te anrejistre pwogram Falcon Forum nan sou Entènèt e moun ka wè li nan tv.dadeschools.net.
###
09/JS/051/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |