POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 19 novanm 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

SERI KONSÈ SIPÈENTANDAN POU BENEFIS AP KÒMANSE 20 NOVANM

Yon rasanbleman pigwo vedèt chantè, dansè, ak pèfòmè nan Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) ap prezante nan Seri Konsè Sipèentandan pou benefis ap kòmanse demen 20 novanm a 8è diswa nan lekòl segondè Miami Beach.

Premye nan kalite konsè sa a ki rele "Listen to the Music" (Tande Mizik la) va kolete fon pou Pwogram Paspò Kiltirèl, ki pral ofri elèv nan jadendanfan rive nan 12yèm ane eskolè ap bay yo diferan eksperyans kiltirèl chak ane. Lekòl Beach High, lokalize nan 2231 Prairie Avenue, Miami Beach, FL33139.

Pèfòmans yo ap genyen ladan:

Prezantasyon Koral Twa Lekòl Elemantè ki Konbine

Twoup Mizik, Twoup Teyat "PAVAC" nan Lekòl New World of the Arts ak Lekòl Segondè Miami Northwestern

Ballad of America ak Matthew Sabatella

Twoup Jazz Anplwaye M-DCPS

Twoup Dans k ap soti Lekòl Mwayen Southwood ak Charles R. Drew

Opera k ap soti nan Lekòl Segondè Coral Reef Senior

Bi Pwogram Paspò Kiltitrèl la se po u ofri elèv Jadendanfan rive 12yèm Ane eskolè eksperyans nan diferan domèn kiltirèl nan chak ane lekòl. Lè yon elèv gradye nan lekòl segondè li ap gen tan vizite mize, galri ar yo, ak fè eksperyans pèfòmans mizik, teyat ak dans andirèk.

Ou kab achte tikè pou $25 dola atravè TicketWeb nan sou Entènèt nan
www.ticketweb.com/snl/VenueListing.action?VenueId=51785. Pou plis enfòmasyon, kontakte Robert T. Davis, Sipèvizè Distri, Pèfòmans Ar nan 305-995-1930.

###

09/JS/054/HD/CF

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès