POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 12 novanm 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

ELÈV KI SOTI NAN DE LEKÒL MAGNÈT MIZE AP EKSPOZE WOMAN GRAFIK ORIJINAL YO NAN FWA ENTÈNASYONAL LIV NAN MIAMI

Karant-kat elèv ki soti nan lekòl magnèt mize Miami-Dade chak te kreye pwòp woman grafik yo, gras a enspirasyon atis Venezwelyen Edwin Villasmil.  Woman yo ap an vant pandan Fwa Entènasyonal Liv nan Miami, vandredi 13 novanm – dimanch 15 novanm, nan kazye nimewo 103 nan Seksyon F.
           
Elèv atis, ki gen ladan yo 24 elèv senkyèm ane eskolè ki soti nan Lekòl Elemantè Bryan ak 20 elèv 6yèm rive 8yèm ane eskolè ki soti nan Lekòl Shenandoah, te travay ak Villasmil pandan kat atelye.  Tèm woman grafik yo a se te “It’s a Wonderful World” (Se yon Mond Mèveye).
           
Jodi a, bibliyotekè ak fwa liv atravè peyi a rekonèt nesesite pou mete materyèl yo pibliye nan fòma estil komik nan koleksyon bibliyotèk yo.  Yo rekonèt fòma sa a pou kontribisyon li nan devlòpman alfabetizasyon vizyèl ak vèbal.
           
Magnèt mize a fòme patenarya solid ak mize nan zòn lokal yo e enstitisyon kiltirèl nan Miami-Dade County yo.  Edikatè mize yo travay kòtakòt ak pwofesè salklas yo, nan aplike ansanm kourikoulòm ki baze sou estanda avèk objè e fabrikasyon nan pwòp mize yo, e yo vizite tou bilding istorik ak andwa atravè peyi a.  Kourikoulòm entegre sa a, vize premyèman enstriksyon ki baze sou objè ak pwojè, konsantre sou rezolisyon pwoblèm, kominikasyon, eksplorasyon, envansyon ak ankèt atravè vizit kontinyèl nan mize ak patnè kiltirèl yo, tankou: Dade Heritage Trust; “Museum of Contemporary Art (MOCA)” (Mize pou Ar Kontanporen); Mize Eritaj Ayisyen; Jaden Botanik Twopikal Fairchild; Mize Istorik Sid Florid; Mize Ar Lowe, Inivèsite Miami, Mize Ar Miami; Mize Syans; “The Wolfsonian-FIU,” ak Mize Coral Gables.

###

09/JS/58/HD/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès