POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 13 novanm 2009                                                       

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

SIPÈENTANDAN LEKÒL ALBERTO M. CARVALHO ANONSE
MEZI POU ASIRE ETIK, ENPASYALITE AK RESPONSABLITE

Sipèentandan Lekòl Alberto M. Carvalho anonse jodi a yon seri mezi pwo-aktif ak entansyon pou asire tout anplwaye M-DCPS konnen demand ki asosye ak “Florida's Code of Ethics, Sunshine Law and Public Records Act;” (Kòd Etik nan Florid, Lwa Eta a ak Akò Dosye Piblik),  e pou ranfòse estanda etikal nan distri lekòl la, ansanm ak kenbe transparans ak enpasyalite nan pratik biznis yo pou asire rijidite nan responsablite pou fon piblik yo. 

Mezi yo gen ladan:

  • Fòmansyon etik pou tout anplwaye kòmanse ak anplwaye pwojè konstriksyon ak mentnans;
  • Revize konpozisyon komite acha e ajoute endividi adisyonèl ki soti deyò e/oubyen antite  ki ekspè nan domèn pa yo, men ki pa gen okenn konfli biznis, pèsonèl, oubyen enterè lajan nan tranzaksyon acha patikilye yo konsidere a;
  • Etabli estanda ki pi solid konsènan konfli enterè potansyèl ak demand sètifikasyon ki pa gen enfliyans anplwaye ak manm komite acha yo, ak konsekans espesifik si yo vyole estanda sa yo;
  • Devlope nouvo langaj kontra pou fè kontra pi favorab pou Komisyon Konsèy Lekòl la, nan limite responsablite Komisyon Konsèy la e plase plis responsablite sou moun ki fè kontra ak Komisyon Konsèy la;
  • Ranfòse e/oubyen devlope lwa ak langaj ki asosye e relate ak kesyon lòbi pou nenpòt e tout pwosesis acha;
  • Lanse yon kanpay konsyantizasyon pou klewonnen atant sou etik nan andwa travay.

Y ap met mezi sa yo anplas nan mwa ki ap vini yo.

 

###

  09-JJS/060/SD

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès