News Release

PARA DIVULGACIÓN INMEDIATA
Madi 17 novanm 2009           

INFORMES: John J. Schuster
Oficina de Relaciones Públicas
305-995-1126

YO ENTWODUI SIPÈENTANDAN CARVALHO NAN SENKYÈM EDISYON ANYÈ FLORID
NAN LANG ESPAYÒL

Miami – Yo entwodui Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho nan senkyèm edisyon Anyè Florid nan lang Espayòl, nan yon seremoni yo fè resamman nan Kolèj Biznis “Florida International University,” ansanm avèk kèk lòt lidè biznis enfliyan ki pale Espayòl nan Sid Florid la.

Anyè Florid nan lang Espayòl se yon lis san parèy ki fèt pou kominote ki pale Espayòl nan Sid Florid la e ki bay enfòmasyon sou kominote sa a.  Anyè a gen ladan yon lis moun enfliyan e distenge ki pale Espayòl, nan domèn biznis, edikasyon, byenfezans ak militè.  Li gen ladan tou yon lis òganizasyon ki pa la pou pwofi nan lang Espayòl nan Florid, piblikasyon ak pwogram difizyon nan medya ki nan lang Espayòl, ofisyèl eta a, fim ki se pwopriyete moun ki pale Espayòl ak evènman anyèl.   

Nan remak li te fè nan seremoni an, Carvalho di, “Tankou anpil moun yo rekonèt aswè  a, mwen te vin nan peyi sa a, e atravè devouman e travay di, mwen te rive pwofite anpil  opòtinite Etazini gen pou ofri sitwayen li yo.”

Pami lòt moun ki pale Espayòl ki enfliyan yo te rekonèt genyen: Reprezantan Repibliken  Etazini Ileana Ros-Lehtinen, Manm Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade County   Renier Diaz de la Portilla, Kòmandan 6yèm Brigad Lame Kolonèl Francisco Betancourt,  Kòmandan Navy Mery Angela Sanabria Katson, ak Dwayen Administrasyon Biznis nan  F.I.U. Dtè. Joyce J. Elam.


# # #

      09-JS/063/TC/CM

 

 

Regréso a Partes de Prensa