POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 17 novanm 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

SANT EDIKASYONÈL D.A. DORSEY RESEVWA PRIM AKREDITASYON NASYONAL

“Commission of the Council on Occupational Education (COE)” (Komisyon Konsil sou Edikasyon Okipasyonèl)  akòde Sant Edikasyonèl D.A. Dorsey akreditasyon.  Se Madan Jody Hawk, Chèmann Komisyon an, ki te fè anons aksyon sa a, apre reyinyon Komisyon an ki te fèt nan Nashville, Tennessee 12-14 septanm 2009.

Kondisyon pou prim akreditasyon an baze sou yon evalyasyon pou demontre enstitisyon an non sèlman satisfè tout kalite demand estanda komisyon an, men li satisfè tou bezwen elèv yo, kominote a, ak anplwayè yo.

Pwosesis evalyasyon komisyon an gen ladan yon etid apwofondi enstitisyon an dwe fè sou pwòp tèt li ak revizyon yon ekip vizitè edikatè pwofesyonèl ki reprezante enstitisyon ki manm komisyon an, ki soti nan lòt eta yo.

Sant Edikasyonèl D.A. Dorsey te kòmanse etidye pwòp tèt li an jen 2007 e li te sibi yon vizit an septanm 2008.  Se Carol Lee Snoody ki te chèmanm ekip vizitè a.

Komisyon Konsil sou Edikasyon Okipasyonèl, ki gen baz li nan Atlanta, Georgia, ofri asirans sèvis dekalite pou founisè edikasyon teknik apre lekòl segondè atravè peyi a.  Misyon Konsèy la ki òganize li kòm yon kòporasyon ki pa la pou fè pwofi, se asire kalite ak entegrite nan karyè ak devlopman teknik.  Sèvis yo ofri gen ladan akreditasyon entitisyonèl (Depatman Edikasyon Etazini rekonèt), revizyon kalite pwogram pou founisè eta a ak edikasyon teknik, ak sèvis enfòmasyon.  Se volontè pwofesyonèl ki kalifye ki se ekspè nan edikasyon teknik ki fè pifò travay Konsèy la.

Se volontèman pou Enstitisyon vin manm nan Konsèy la, men yo ka akonpli sa sèlman lè yo akredite.  Manm aktyèl konsèy la se yon bagay eksepsyonèl.  Pami manm yo gen enstiti teknik piblik apre lekòl segondè, lekòl nasyonal defans ak lekòl militè espesyalize, Sant “Jobs Corps”, lekòl karyè prive, founisè edikasyon teknik ki pa la pou fè pwofi, inite kòporasyon ak edikasyon sou endistri, ak enstitisyon ajans federal.  Pa gen lòt ajans ki akredite e ki sèvi divèsite òganizasyon Konsèy la sèvi.  Gen plis pase 400 manm enstitisyonèl pou kounye a.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Gloria F. Evans, Direktris, Sant Edikasyonèl D.A. Dorsey, nan (305) 693-2490.

###

09-JJS/066/TR/SD

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès