|
LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY PRAL FÈ EKSPOZISYON CHEMEN KARYÈ 2009-2010 POU ELÈV AK ADILTMIAMI – Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS), nan kolaborasyon avèk Kolèj Miami-Dade (MDC), pral òganize EKSPOZISYON Chemen Karyè 2009-2010 pou Elèv ak Adilt, samdi 5 desanm 2009 soti 10è dimaten rive 3è nan aprèmidi, nan Lekòl Segondè Miami Jackson, 1751 N.W. 36 Street, Miami, FL 33142. Yo ankouraje paran ak elèv ki nan klas Jadendanfan rive 12yèm ane Eskolè, ansanm avèk elèv adilt ki fin fè klas segondè pou yo ale nan aktivite gratis sa a pou yo jwenn plis enfòmasyon sou pwogram Edikasyon Karyè ak sèvis M-DCPS ak MDC bay. EKSPOZISYON an ap pèmèt patisipan yo jwenn enfòmasyon konsènan pwogram akademi karyè tankou Achitekti ak Konstriksyon; Enfòmatik; Ospitalite ak Touris; Edikasyon sou Syans Agrikòl; Syans Sante/Medikal, ak plis toujou. EKSPOZISYON an se yon opòtinite pou ede elèv chwazi yon chemen karyè pou lavni. Elèv Lekòl Leta Miami-Dade County ki akonpaye ak paran yo ka pwofite transpòtasyon gratis pou ale e pou soti nan EKSPOZISYON an nan lekòl yo deja seleksyone nan Miami-Dade County. Bis k ap fè ale retou yo ap travay tout jounen soti 9è dimaten jiska 4è nan aprèmidi. Pou plis enfòmasyon, rele 305-693-3015 oubyen vizite http://dcte.dadeschools.net. ### 09-JS/067/TR/CM
|