POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 25 novanm 2009       

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

PWOGRAM “HEALTHCORPS” LEKÒL SEGONDÈ HIALEAH RESEVWA YON CHÈK $75,000 NAN MEN FLORIDA EAST COAST REALTY

Miami – Sipèentandan Lekòl yo Alberto Carvalho te aksepte yon chèk $75,000 nan non Pwogram “HealthCorps” Lekòl Segondè Hialeah nan men yon lidè biznis ak sivik renome Tibor Hollo, ki soti nan Florida East Coast Reality.  Yo te fè prezantasyon an nan Lekòl Segondè Hialeah.  Vis Chèmann pou Komisyon Konsèy Miami-Dade County, Perla Tabares Hantman, te la tou nan seremoni sa a.

“HealthCorps” se yon mouvman sante Mehmet Oz, chirijyen maladi kè e prezantatè emisyon deba televizyon popilè – “Dtè. Oz.” – te fonde pou konbat obezite ak kriz rezistans mantal atravè yon sistèm edikasyonèl ak sipò nan lekòl.

Pwogram nan fèt pou responsabilize elèv ak kominote yo nan tout peyi a, nan ankouraje yo pou yo vin ajan chanjman, nan konsolide patenarya dirab pandan y ap adrese sousi kominote a.

###

09-JJS/069/TC/GC/RL

Hialeah

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès