POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 23 novanm 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

DIREKTÈ LEKÒL ELEMANTÈ SCOTT LAKE GAYE
PRIM “LEADERSHIP” 10 MIL DOLA

MIAMI – De direktè Lekòl Leta Miami-Dade County te pami de nan twa gayan 7yèm Prim “Leadership” Anyèl Direktè Leonard Miller ki soti nan Konsil pou Chanjman Edikasyonèl nan yon evènman espesyal yè.  Valerie Ward, Direktris Lekòl Elemantè Scott Lake, se te gayan prensipal la. Yo te nonmen Gilberto Bonce, direktè Lekòl Segondè South Miami kòm youn nan de gayan Meday Lò, ansanm ak Doktè Christi Chandler-Buell ki soti Tampa.

Yo te chwazi twa gayan yo pami yon seleksyon aplikan atravè eta a ki demontre “leadership” ekstrawodinè nan twa kritè: ogmante akonplisman elèv, amelyore kapasite anplwaye, ak fòme patenarya enpòtan avèk biznis yo e kominote a.

Ward, ki te leve Lekòl Elemantè Scott Lake soti nan C rive nan A, te genyen prim $10,000 a.  Elèv ak anplwaye Lekòl Scott Lake te fè li yon sipriz avèk yon videyo e powèm felisitasyon. Evènman an te fèt nan Star Island kay Sue Miller, Manm Komisyon Konsil ak Chèmann Komite Avansman Edikasyonèl komite a.  Bonce ak Chandler-Buell te resevwa $5,000 chak.

Prim nan pote non Leonard Miller, dènye chèmann “South Florida Annenberg Challenge,” ki te kwè tout bon vre “leadership” direktè a se te motivatè ogmantasyon akonplisman elèv.

Moun ki te patwone evènman an se te:  Baptist Health South Florida, Carnival Cruise Lines, Cobb Family Foundation, Edward W. Easton, Lennar Foundation, Richard ak Susan Finkelstein, e Akerman Senterfitt.

 

###

09/JS/70/HD/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès