|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 20 novanm 2009 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
REPREZANTATAN ETAZINI ILEANA ROS-LEHTINEN BAY SIPÒ POU SERI KONSÈ SIPÈENTANDAN AN POU BENEFIS
MIAMI Reprezantatif Ileana Ros-Lehtinen fè konen li bay sipò li pou Serie Konsè Sipèentandan pou Benefis, ki ap kòmanse aswè a, a 8è diswa nan Miami Beach Senior High School.
Nan yon prezantasyon nan Chanm Etazini an Reprezantan, Reprezantan Ileana Ros-Lehtinen di "Kòm yon ansyen edikatè e pwofesè pou ki gen sètifika pou ansèyman, mwen fyè pou mwen wè pwofesè nou yo, elèv nou yo ak kominote nou yo ap travay pou fè bonjan seri sa a yon siksè. Mwen ankouraje tout Sid Florid la pou yo ale nan evènman istorik sa a vandredi e amize nou nan pèfòmans pou yon bon kòz. Mwen ap felisite Sipèentandan Alberto Carvalho dèske li ap fè travay pwofesyonèl sa a nan yon anviwònman kote ekonomi an bay defi."
Konsè aswè a rele "Listen to the Music" (Tande Mizik la) ki ap kolekte fon pou Pwogram Paspò Kiltirèl, ki pral ofri elèv jadendanfan rive nan 12yèm ane eskolè yon diferan eksperyans kiltirèl chak ane. Lekòl Beach High, lokalize nan 2231 Prairie Avenue, Miami Beach, FL 33139.
Pèfòmans yo ap genyen ladan:
-Prezantasyon Koral Twa Lekòl Elemantè ki Konbine
-
Twoup Mizik, Twoup Teyat "PAVAC" nan Lekòl New World School of the Arts ak Lekòl Segondè Miami Northwestern
-Ballad of America ak Matthew Sabatella
-
Twoup Jazz Anplwaye M-DCPS
-
Twoup Dans k ap soti Lekòl Mwayen Southwood ak Charles R. Drew
-
Opera k ap soti nan Lekòl Segondè Coral Reef Senior
Bi Pwogram Paspò Kiltirèl la se pou ofri elèv Jadendanfan rive 12yèm ane eskolè eksperyans nan diferan domèn kiltirèl nan chak ane lekòl. Lè yon elèv gradye nan lekòl segondè li ap gen tan vizite mize, galri ar yo, ak fè eksperyans pèfòmans mizik, teyat ak dans andirèk.
Ou kab achte tikè pou $25 dola atravè TicketWeb nan sou Entènèt nan
www.ticketweb.com/snl/VenueListing.action?VenueId=51785. Pou plis enfòmasyon, kontakte Robert T. Davis, Sipèvizè Distri, Pèfòmans Ar nan 305-995-1930
###
09/JS/071/TR/CF
Retounen sou Nòt pou Laprès |