POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 4 desanm 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

LEKÒL MWAYEN SHENANDOAH GENYEN PRIM DON POU KONPETISYON
"HP DIGITAL ASSIST”

MIAMI – Mize Magnèt Lekòl Mwayen Shenandoah resevwa resamman yon don nan men Hewlett Packard (HP) paske se li ki te premye soumèt yon pwojè avèk siksè nan Konpetisyon “HP Digital Assist” la.

Se elèv Rebecca Santana ak Amarilys Enamorado ki te kreye pwojè gayan an, ki te gen pou tit, “Understanding Statistics” (Konprann Estatistik).  Remiz prim don alavans la te gen ladan yon fèt pizza avèk de jwè baskètbòl Miami Heat: Deaquan Cook avèk Udonis Haslem; tikè pou match Miami Heat ak mayo.

Konpetisyon an te prezante de lekòl mwayen Miami-Dade ki t ap fè konpetisyon youn ak lòt pou wè ki lekòl ki t ap kreye meyè pwojè miltimedya ki melanje baskètbòl ak teknoloji, nan sèvi avèk eleman yo jwenn chak jou nan kou matematik, syans, lekti e/oubyen redaksyon.  HP bay chak lekòl de òdinatè mobil ak yon enprimant pou ede yo nan kreyasyon pwojè yo. 

Shenandoah te premye lekòl Miami-Dade ki te soumèt yon pwojè pou pwogram “HP Digital Assist,” yon efò pou al bay moun edikasyon HP, Asosyasyon Nasyonal Baskètbòl, ak Sosyete Entènasyonal pou Teknoloji nan Edikasyon te kreye.

Konpetisyon anyèl la, ki kòmanse an septanm pou rive an novanm, resevwa 20 lekòl mwayen nan sis zòn lavil atravè peyi a: Chicago; Houston; Miami; Oakland/San Francisco/San Jose, Calif; e Washington, D.C.  Yon lekòl gayan nan chak gwoup ekip ap resevwa yon don teknoloji HP ki se yon pake pou salklas ki gen ladan òdinatè, enprimant, depo mobil, “router” (aparèy pou rezo òdinatè) pwojektè ak pwogram devlopman pwofesyonèl pou pwofesè.

 

###

09/JS/75/HD/CM

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès