POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 8 desanm 2009   

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

ELÈV 4YÈM AK 8YÈM ANE ESKOLÈ NAN MIAMI-DADE FÈ PI GWO NÒT PASE ELÈV NAN GRAN VIL ETAZINI NAN MATEMATIK

NÒT ELÈV ISPANIK YO AP BRIYE

MIAMI – Elèv Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) fè pi gwo nòt pase elèv nan
Gran vil Etazini tankou New York, Los Angeles, ak Chicago, nan egzamen 2009
“National Assessment Of Educational Progress (NAEP)” (Evalyasyon Nasyonal Pwogrè
Edikasyonèl) “Trial Urban District Assessment (TUDA)” (Peryòd Esè Evalyasyon Distri
nan Vil yo) nan Matematik.  Elèv Ispanik M-DCPS yo, ki reprezante 62.5 pousan
popilasyon elèv M-DCPS yo, fè pi gwo nòt anpil pase elèv ki nan menm kategori avèk yo
atravè peyi a.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Nou p ap kwè jan mwen fyè pou elèv
Miami-Dade yo.  Malgre nivo povrete a ki wo, baryè lang ak andikap, timoun nou yo
fè pi gwo nòt pase elèv nan lòt gran vil yo, nan fason ki enpresyonan.  Sa se yon kredi
pou travay pwofesè, administratè, paran, elèv ak volontè lekòl yo.”

Pami elèv 4yèm ane eskolè yo, mwayèn nòt elèv M-DCPS yo fè sou echèl 
matematik la te patikilyèman pi wo pase nòt elèv nan lòt gran vil yo.  Anplis, pousantaj
elèv 4yèm ane eskolè M-DCPS ki fè nòt “Debaz” oubyen pi wo, siperyè ak sa elèv nan
lòt gran vil yo fè.

Elèv Ispanik 4yèm ane eskolè M-DCPS fè pi gwo nòt pase lòt elèv Ispanik yo nan tout
Mezi yo, lè yo konpare modèl nasyonal lekòl leta yo ak modèl lòt gran vil yo.  Mwayèn
echèl nòt elèv Ispanik M-DCPS yo klase premye pami lòt distri TUDA yo.  Se yon sèl
nan 18 distri TUDA yo ki fè yon pousantaj ki depase anpil pousantaj elèv 4yèm ane
eskolè M-DCPS ki fè nòt Debaz oubyen pi wo nan Matematik.

NAEP TUDA teste tou elèv 8yèm ane eskolè, e gen yon pi gwo pousantaj elèv 8yèm ane
eskolè M-DCPS, ki fè nòt “Debaz” oubyen plis, pase elèv nan lòt gran vil yo.  Se sèlman
twa nan 18 distri TUDA yo ki fè yon pousantaj ki depase anpil pousantaj elèv 8yèm ane
eskolè M-DCPS ki fè nòt Debaz oubyen pi wo nan Matematik. Elèv Ispanik 8yèm ane
eskolè nan M-DCPS fè pi gwo nòt anpil pase elèv nan menm kategori avèk yo
nasyonalman nan tout mezi yo, lè yo konpare modèl nasyonal lekòl leta yo ak modèl
lòt gran vil yo.    

 

###

09-JJS/079/JS/CM

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès