|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 9 desanm 2009 |
KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188 |
***NÒT POU LAPRÈS***
M-DCPS AK KONPITÈ APPLE LANSE PWOJÈ ANSÈYMAN NENPÒT LÈ, NENPÒT KOTE
Lekòl yo Pral Resevwa “Apple iPod Touches” e Distri a Pral Pwodui “Podcasts” pou Delivre Devlopman Pwofesyonèl Jis-Alè
|
Ofisyèl Distri Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS), administratè, pwofesè ak sitwayen ki enterese |
|
Evènman Lansman Pwojè Ansèyman Nenpòt Lè, Nenpòt Kote |
KILÈ: |
Jedi 10 desanm 2009
9è dimaten pou midi
|
KI KOTE: |
Center for Professional Learning
1080 La Baron Drive, Miami Springs
|
POUKISA: |
M-DCPS pral lanse yon nouvo pwojè an kolaborasyon ak Konpitè Apple pou devlope yon plan pou akonpli vizyon Distri a pou refòme pratik biznis yo pou asire efikasite yo. Aparisyon teknoloji non sèlman chanje fason moun travay men tou fason yo aprann. Nan kreye anviwònman ansèyman e enstriksyon 21yèm syèk sa a nan salklas Miami-Dade, pwofesè yo ka kreye nouvo metòd inovatif pou ofri opòtinite enstriksyon pou elèv ki repwodui panse reyèl mond la.
Lekòl ki ap patisipe yo ap gen opòtinite pou revize “podcast”
Distri a devlope ki fèt pou bay devlopman pwofesyonèl jis-alè pou pwofesè, aprann sou opòtinite enteresan pou devlope resous teknoloji espesifik pou salklas, epitou aprann fason pou elèv yo tounen pwodiktè “podcast”.
|
KONTAKTE: |
Doktè Christine Master, Direktris Administratif, Devlopman Pwofesyonèl nan 305-995-7616. |
# # #
09-JJS/081/VVL/SD
Retounen sou Nòt pou Laprès |