POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 9 desanm 2009 

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

KARAVÀN KÒVÈT, TONTON NWÈL POTE KÈ KONTAN, KADO ANYÈL BAY ELÈV KI GEN ANDIKAP MANTAL NAN LEKÒL NEVA KING COOPER

KIYÈS: 
Yon 110 elèv konsa ki soti nan Neva King Cooper gwoupe nan laj 3 a 21 an, manm Klib Sunshine Corvette, Tonton Nwèl, elèv ki gen don ki soti nan Lekòl Elemantè Kendale Lakes, yon kòtèj polis, Dansè Miami Heat ak Maskòt Heat la, “Burnie”
KISA:

17yèm Selebrasyon Fèt Anyèl pou Elèv ki gen Bezwen Espesyal nan Sant Edikasyonèl Neva King Cooper ki pote amizman, kè kontan, mizik ak kado bay timoun ki gen yon andikap mantal e ki trè merite sa.  Ane Kòvèt nan karavàn nan soti nan ane 1962 rive nan ane 2010.  Anplis ap gen nan karavàn nan machin antik ki soti nan Klib Antique Car Club of America.

KILÈ: 

Vandredi 11 desanm, a 9è dimaten
Karavàn nan ap derape soti lakay Frank ak Nancy Jacob,
8560 S.W. 91st Ct, Miami, a 8è dimaten

KI KOTE: 

Neva King Cooper Educational Center
151 N.W. 5th Street, Homestead, 33030

KONTAKTE:

Manm klib Connie Kostyra, 305-986-0405; oubyen Direktè Lekòl Neva King Cooper Alberto Fernandez, 305-247-4307.

 

# # #

09-JJS/082/HD/RL

 

Retounen sou Nòt pou Laprès