|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 10 desanm 2009 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
U.S. NEWS AK WORLD REPORT NONMEN KÈK LEKÒL SEGONDÈ M-DCPS
MEYÈ LEKÒL NAN ETAZINI
MIAMI – “U.S. News and World Report” anonse resamman lis anyèl 100 Lekòl Segondè Meday Lò li a, e kat lekòl leta Miami-Dade County, Coral Reef Senior High School, Design & Architecture Senior High School (DASH), Maritime & Science Technology Academy (MAST), ak New World School of the Arts fè nòt pou yo vin meyè Lekòl Segondè Etazini pou 2010 la. Se twazyèm meday lò pou DASH, e dezyèm pou MAST.
Magazin nan onore tou senk lòt lekòl leta Miami-Dade. Pami gayan yo genyen meday ajan, bwonz ak rekonesans onorab:
Mater Academy Charter – Ajan
William H. Turner Technical Arts – Bwonz
School for Advanced Studies North – Rekonesans Onorab
School for Advanced Studies South - Rekonesans Onorab
School for Advanced Studies Wolfson - Rekonesans Onorab
Magazin nan analize 21,000 lekòl segondè nan 48 eta nan sèvi avèk yon fòmil ki soti nan yon biznis rechèch done ak analiz K-12 Standard & Poor's ap dirije. Analiz an twa etap yo te baze sou tès “Advanced Placement (AP)” (Plasman Avanse) “International Baccalaureate (IB)” (Bakaloreya Entènasyonal), e apre sa, yo mete tès AP ak IB yo ansanm. 100 lekòl ki fè meyè nòt yo te genyen meday lò.
Lis tout lekòl yo disponib kounye a sou paj Entènèt U.S. News: www.usnews.com.
###
09-JJS/084/DF/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |