|
LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY AP DISTRIBYE ÒDINATÈ PÒTAB KÒM YON PATI PWOGRAM LYEN POU APRANN MIAMI – Lekòl Leta Miami-Dade County an patenarya ak Sprint pral lanse pwogram Lyen pou Aprann nan prete elèv Lekòl Segondè Hialeah òdinatè pòtab jedi 17 a 9:30 dimaten nan sant medya lekòl la. Lekòl Segondè Hialeah lokalize nan 251 E. 47th Street. Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Se responsablite distri lekòl la pou l bay elèv li yo opòtinite pou kontinye leson yo andeyò salklas la. Timoun nou yo ap bezwen anpil konesans nan teknoloji pou yo reyisi nan twazyèm milenè a. Lyen pou Aprann souliyen prensip ki pral leve siksè akademik timoun nou yo.” Lyen pou Aprann ofri pwogram teknoloji nan nivo eskolè lekti, matematik ak syans pou konplete ak anrichi enstriksyon elèv andeyò jounen lekòl la. Ou ka jwenn aktivite nan pòtal elèv la, nan paj Entènèt Distri a. Jaime Jones, vis prezidan siperyè biznis jeneral ak sektè piblik Sprint di, "Nou kontan pou nou ede elèv pwogram Lyen pou Aprann Lekòl Leta Miami Dade County satisfè objektif akademik yo nan ba yo posiblite pou etidye lakay yo oubyen pratikman nenpòt kote yo bezwen atravè ‘Sprint 3G Mobile Broadband’, ak ‘America's Most Dependable 3G network*’ (rezo 3G Etazini Pi Depann sou li).*" Sprint pran angajman pou l ede edikatè ak elèv pran avantaj teknoloji pou amelyore byennèt ak sekirite elèv, amelyore opòtinite edikasyonèl e pote enstriksyon andeyò salklas la." Pou plis enfòmasyon sou Lyen pou Aprann, vizite www.dadeschools.net. # # # *“Dependable” (Depann) baze sou tès “independent” (endepandan), twazyèm pati, pou siksè koneksyon enfòmasyon 3G, sesyon fyab, ak fòs siyal pou premye 50 makèt ki pi popilè nan Etazini (enkli Pòto Riko) apati fevriye 2008 rive oktòb 2009. Tout sèvis pa disponib sou 3G e repòtaj ka nòmalman separe rezo a lè 3G pa disponib.
09-JJS/087/DF/RL
|