|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 20 janvye 2009 |
KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188 |
***KOMINIKE POU LAPRÈS***
M-DCPS AP ÒGANIZE FWA REJYONAL 2009 SYANS AK JENI
NAN SID FLORID LA
|
Administratè lekòl nan Miami-Dade County, elèv, pwofesè ak sitwayen ki enterese |
|
Fwa Rejyonal 2009 Syans ak Jeni nan Sid Florid |
KILÈ: |
Lendi 26 janvye, 8è nan maten rive 3è nan aprèmidi (Fwa Syans-Nò)
Madi 27 janvye, 8è nan maten rive 3è nan aprèmidi (Fwa Syans-Sid)
|
KI KOTE: |
Miami-Dade College-North Campus, 11380 N.W. 27 Avenue
(Fwa Syans-Nò)
Southland Mall, 20505 South Dixie Highway (Fwa Syans-Sid) |
POUKISA: |
Fwa Rejyonal 2009 Syans ak Jeni nan Sid Florid la ap ekspoze eksplorasyon elèv lekòl mwayen ak segondè atravè kominote a. Pwojè yo ka bay opòtinite pou bousdetid nan kolèj ak etid inivèsitè avanse.
Nan kategori fwa Syans yo genyen syans sou konpòtman ak syans sosyal, biyochimi, botanik, chimi, syans enfomatik, jeni, matematik, mikwobiyoloji, zowoloji, syans terès ak syans planetè, syans anviwònmantal, fizik, astwonomi, medsin ak sante. Elèv yo ap resevwa prim tankou sètifika, meday, twofe ak lajan kach kòm rekonpans.
|
# # #
09-JJS/382/DF/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |