POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 14 janvye 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

Espesyal pou Kalandriye Kominotè
 
OU VLE ALE NAN KOLÈJ?   
FWA KOLÈJ NASYONAL AP VIN NAN MIAMI, 22 FEVRIYE
ANREJISTRE DAVANS SOU ENTÈNÈT KOUNYE A !

Reprezantan ki ap soti nan plis pase 150 kolèj ak inivèsite ap nan fwa Nasyonal Kolèj 2009 la nan Miami, kòmanse a midi pou 4è nan aprèmidi, dimanch 22 fevriye nan Doubletree Miami Mart Hotel, ki nan 777 N.W. 72 Ave.

Fwa a ap pèmèt elèv, paran ak lòt manm nan piblik la pou rankontre ak reprezantan kolèj yo pou jwenn repons kesyon yo genyen.  Anplisdesa, yo pral ofri sesyon enfòmasyon sou èd finansyè, planifikasyon, admisyon ak egzamen pou antre nan inivèsite ak kolèj.  Y ap prezante sesyon espesyal ann Espayòl e an Kreyòl.  Konseye ak sant konpitè pral pèmèt elèv yo jwenn aksè sou sondaj karyè ki enterese yo ak enfòmasyon sou preparasyon pou kolèj, admisyon ak bousdetid.

Se ‘‘The National Association for College Admission Counseling (NACAC)’’ (Asosyasyon Nasyonal Konseye Admisyon pou Kolèj) ak Lekòl Leta Miami-Dade County ki patwone evènman sa a.  Manm Komisyon Konsèy Perla Tabares Hantman se ko-chèmanm komite lokal Fwa Kolèj Nasyonal la.  Madan Hantman, ki se ko-chèmann komite lokal fwa pandan 13 zan konsekitif te di, ‘‘Fwa Kolèj Nasyonal la bay paran ak elèv yo aksè ak enfòmasyon enpòtan sou opòtinite edikasyonèl  ak chwa, se yon fason ekselan pou yo enfòme e dekouvri opsyon pou edikasyon apre lekòl segondè.

Ane sa a,  li ap vin pi fasil toujou pou elèv yo mande enfòmasyon sou plizyè kolèj ak inivèsite nan Fwa Kolèj la.  Lè yo anrejistre davans, elèv yo ka enprime yon kòd konfimasyon pou yo ititlize nan fwa a kòm yon idantifikasyon elektwonik e yo pap gen pou yo ranpli kat enfòmasyon an.  Elèv ak fanmi yo ka anrejistre davans nan www.gotomyncf.com.  Anrejistreman sou Entènèt ap disponib jiska 18 fevriye.
Chak ane NACAC patwone fwa nan 50 vil atravè peyi  a ki atire plis pase 800,000 elèv ak paran.  Pou  plis enfòmasyon, kontakte liy telefòn Fwa Kolèj la nan 305-995-1739 oubyen vizite www.nacacnet.org.       

Nòt Editè a:
SILVOUPLÈ LIS KALANDRIYE KOMINOTÈ FEVRIYE A

# # #

09-JJS/383/jam

Retounen sou Nòt pou Laprès