|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 4 fevriye 2009 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
YO REKONÈT SENK LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY NAN RAPÒ
KOMISYON KONSÈY KOLÈJ LA ‘AP REPORT TO THE NATION’
(RAPÒ SOU PLASMAN AVANSE PEYI A)
Senk Lekòl Leta Miami-Dade County pami 16 lekòl atravè peyi a yo rekonèt dèske yo ogmante aksè pou kou “Advanced Placement (AP)” (Plasman Avanse) pami elèv ki pa konn jwenn sèvis sa yo tradisyonèlman. Komisyon Konsèy Kolèj la pibliye jodi a senkyèm rapò anyèl “AP Report to the Nation” (Rapò sou Plasman Avanse Peyi a). Lekòl leta a fè distenksyon dèske li genyen pi gwo kantite elèv Afriken Ameriken e/oubyen Espayòl nan klas 2008 ki reyisi (ak yon nòt 3 oubyen pi wo) nan Egzamen AP espesifik.
- Barbara Goleman Senior High School gen pi gwo kantite elèv Espayòl ki reyisi nan Egzamen “AP Art History” (Istwa Ar).
- Coral Reef Senior High School gen pi gwo kantite elèv Espayòl ki reyisi nan Egzamen “AP English Language” (Lang Anglè), “AP English Literature” (Literati Anglèz), ak “AP European History” (Istwa Ewopeyèn).
- Design and Architecture Senior High School gen pi gwo kantite elèv Ameriken Afriken ak Espayòl ki reyisi nan Egzamen “AP Studio Art” (Ar Estidyo).
- Miami Killian Senior High School gen pi gwo kantite elèv Espayòl ki reyisi nan Egzamen “AP Human Geography” (Jewografi Imen).
- Miami Palmetto Senior High School gen pi gwo kantite elèv Espayòl ki reyisi nan Egzamen “AP Environmental Science” (Syans Anviwònmantal).
Kou Plasman Avanse yo prepare elèv pou reyisi nan kolèj e ede yo peye kolèj. Rechèch montre elèv ki pran kou Plasman Avanse gen plis tandans pou gen yon diplòm bachelye nan katran pase lòt kamarad yo. Patisipasyon ak sikè yo nan kou Plasman Avanse ede elèv yo kalifye pou bousdetid nan kolèj.
Komisyon Konsèy Kolèj la se yon manm asosyasyon ki pa la pou fè pwofi ki gen misyon pou konekte elèv ak siksè e opòtinite pou kolèj. Pwogram Plasman Avanse Komisyon Konsèy Kolèj la ofri 37 kou ak egzamen e bay elèv yo opòtinite pou pran kou nan nivo kolèj e gen kredi oubyen plasman nan kolèj, pandan yo toujou nan lekòl segondè.
# # #
09-JJS/388/VVL/SD
Retounen sou Nòt pou Laprès
|