|
DEKLARASYON LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY Li demoralizan pou wè nan mitan kriz ekonomik sa a pou Distri a ap fè fas a yon menas aksyon legal yon sèl gwoup moun ki ka koute anpil lajan, olye pou yo ta ap konsantre sou teknik pou yon solisyon ki ka benefisye tout moun. Daprè seksyon Lwa Florid 447.605(1): Tout diskisyon ant ofisye egzekitif anchèf anplwaye leta, oubyen reprezantan li, ak kò lejislatif oubyen anplwaye leta ki anrapò ak “collective bargaining” (negosyasyon kolektif) dwe fèt an prive e li andeyò pwovizyon s. 286.011. (s.286.011 se Lwa Eta Florid la). Nou toujou enterese pou antre nan konvèsasyon lib e onèt ak tout gwoup anplwaye nou yo. Nou te chèche rankontre ak tout inite negosyasyon yo pou te eseye chita sou tab e pale ouvètman pou nou negosye efè dènye rediksyon bijè a, nan yon fason pou pwoteje pi byen enterè tout anplwaye Distri yo. Nou kwè si yo ba nou opòtinite pou angaje nan diskisyon ak tout òganizasyon anplwaye yo, nou ka fè yon plan ki ka pwoteje salklas yo, pwoteje anplwaye pèmanan nou yo, kenbe salè yo, e prezève posiblite fiskal distri a. ### 09-JJS/389/SD
|