POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 10 fevriye 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

SIPÈENTANDAN ALBERTO M. CARVALHO DEVWALE PLAN POU
PREZÈVE PWOGRAM EDIKASYONÈL, BALANSE BIDJÈ
E EVITE REVOKASYON

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho devwale yon plan ki ap evite revokasyon plizyè milye pwofesè ak lòt anplwaye Miami-Dade County, pandan li ap balanse bidjè Distri a e anmenmtan, li ap pwoteje pwogram edikasyonèl ki enpòtan tankou ar, edikasyon fizik, lang ak mizik.

Carvalho di, “Plan an travay yon fason ki lojik pou prezève pwogram edikasyonèl nou yo, pwoteje anplwaye yo, e prezève posiblite finansye distri lekòl la.”

Distri lekòl la te deja koupe plis pase $300 milyon nan bidjè a pou l ka balanse bidjè ane sa a e li ap fè fas ak yon lòt rediksyon $56 milyon, espesyalman akoz Sesyon Espesyal Lejislati a te fèk fè a.  Yo dwe rezoud rediksyon sa yo anvan fen ane fiskal sa a, jan lalwa eta a mande li.

Plan Carvalho a mande pou anplwaye retire yon kantite jounen travay nan ane fiskal sa a, ki ap fini 30 jen 2009, pou mete yo nan ane fiskal k ap vini an, ki ap kòmanse 1ye jiyè.  Anplwaye yo toujou ap resevwa menm salè anyèl yo pandan kalandriye ane a.  Altènatif pou plan an se ta revoke plis pase 3,660 anplwaye, ak pwofesè tou.

Jounal Miami Herald rele plan an “entelijan e kreyatif”, e li di se pi bon fason pou distri a evite yon pi gwo twou nan bidjè a, anpil revokasyon e pi piti depans nan salklas yo.”

Yo ap diskite plan an nan reyinyon Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade la mèkredi 11 fevriye 2009.

Pou plis enfòmasyon, vizite www.dadeschools.net.

# # #

09-JJS/391/DF/rl

Retounen sou Nòt pou Laprès