POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 13 fevriye 2009        

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

KAT FINALIS AN KONPETISYON POU PRIM PWOFESÈ
POU ANE A NAN MIAMI-DADE

MIAMI – Yo pral anonse edikatè ki pi ekselan nan Lekòl Leta Miami-Dade County nan seremoni anyèl Francisco R. Walker Pwofesè Miami-Dade County pou Ane a  ak seremoni pou rekonèt Pwofesè “Rookie” (Rekri) pou Ane a, a 7è diswa, madi 17 fevriye, nan Doral Golf Resort & Spa, ki nan 4400 N.W. 87th Ave., Doral. Tikè yo se $55 pa pèson oubyen $550 pou yon tab 10 moun.

Yo te nonmen finalis nan chak Distri nan kat rejyon yo.  Men moun yo nonmen Pwofesè pou Ane a, lekòl yo, ak ane eskolè oubyen sijè yo anseye:
Sant Rejyonal Nò – Grisell R. Rodriguez – Lekòl Elemantè Spanish Lake – Gidans e Konseye
Sant Santral Rejyonal Nò  – Doktè Nerry Louis Lekòl Segondè Hialeah Gardens – 9yèm-10yèm ane eskolè Lekti/Redaksyon
Sant Rejyonal SidPatricia Fairclough – Lekòl Elemantè Air Base – 2yèm ane eskolè
Sant Santral Rejyonal SidAnia Fernandez – Lekòl Elemantè Charles R. Hadley – 4yèm ane eskolè

Men finalis Pwofesè “Rookie” (Rekri) pou Ane a ak lekòl yo:
Sant Rejyonal Nò – Corinne Margo Wainer – Lekòl Segondè Carol City
Sant Santral Rejyonal Nò  – Jeffrey Dearing – Lekòl Segondè Miami Springs
Sant Rejyonal SidKelli Valdez – Sant K-8 Mandarin Lakes Academy
Sant Santral Rejyonal SidMarcos Redondo – Lekòl Segondè Coral Gables

Pwogram Pwofesè pou Ane a se yon aktivite kolaboratif ant “United Teachers of Dade, Miami-Dade County Council of PTAs/PTSAs” ak Lekòl Leta Miami-Dade County. UnitedHealthcare ap patwone evènman an.  Pami lòt antrepriz ki ap patwone l tou gen Toyota of South Florida, Nova Southeastern University, Univision 23 ak Telefutura 69.

# # # 

              
09-JJS/392/HD/SD

 

Retounen sou Nòt pou Laprès