|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 24 fevriye 2009 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
ELÈV AK ANPLWAYE M-DCPS KONTRIBYE $2.2M POU UNITED WAY
Lekòl Leta Miami-Dade County kontribye $2,242,063 pou United Way Miami-Dade ane sa a. Akonplisman sa a mete elèv ak anplwaye distri lekòl Miami-Dade yo antèt kanpay la nan tout peyi a pou 34yèm ane konsekitif.
Yo te selebre lekòl ak biwo ki te atenn oubyen depase objektif kantite lajan yo kontribye nan yon seremoni ki te fèt resamman nan Jungle Island. Antou, elèv yo kontribye $677,277 ane sa a, avèk anplwaye yo ki te kontribye prèske $1.6 milyon.
Sant Edikasyonèl Robert Morgan te antèt pami elèv ki te kontribye lajan, avèk yon kontribisyon $13,048. Lekòl Segondè Dr. Michael M. Krop Senior te antèt pami anplwaye yo, avèk $19,046.
Pi gwo chanpyon nan Distri a, se de (2) lekòl ak biwo ki gen pi gwo pousantaj lajan yo ranmanse nan tout kanpay la, Lekòl Charter Aspira South Leadership (pami lekòl ki gen yon popilasyon pi ba pase 500), fè 1,498 pousan; Lekòl Elemantè William Lehman (pami lekòl ki gen yon popilasyon pi wo pase 500), fè 1,157 pousan; e Sant Adilt Hialeah-Miami Lakes (pami kanpay tout anplwaye yo), fè 913 pousan.
Pou plis enfòmasyon, kontakte Diana Venturini, Direktè Sèvis Kominotè, nan 305-995-1367.
###
09-JJS/393/HD/SD
Retounen sou Nòt pou Laprès |